Kabrit la di: Kite sa ki gen janm kout yo pran devan. Pa fè nou pèdi tan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se lè w nan bezwen/pa gen lajan, ou konnen kiyès ki zanmi w. "Se sèlman lè w nan move sitiyasyon w ap konnen pi bon zanmi w yo."
Fè anpil atansyon.
Bon pale lakòz moun rale/pote boutèy blan an pou moun k ap bwè.
Moun pòv yo ka bay sèlman ak kè yo.
Lè yon koup toujou ap diskite, moun bò kote yo di sa pou vle di "menmsi nou retounen ansanm , y ap goumen kanmenm." Soti nan Eva, 13 Desanm 2013
Yon moun ki jwenn yon enfòmasyon ki cho anvan l kòmanse pale li di pawòl sa.
Yon moun ou konnen kijan l te ye menm si l chanje pozisyon li posib pou l rete jan l te ye a oubyen moun nan toujou sonje pase li.
Sòsye a ba ou yon endikasyon/fetich li, men li pa di ou pou al dòmi nan kafou a. "Menm avèk cham chans sòsye a sou ou, pa fè sa ki pa saj; fè atansyon."
Chak fwa chwal la voye w jete, se la pou w kase/antrene l.
Se pou montre gen kote ki bon e gen kote ki move.
Lè yon moun renmen tire revanj pou l ka montre sal fè yo bon li itilize pawòl sa yo.