Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki te nan mizè e ki ap chache yon moun pou l soti epi l Jwenn yon bagay ki pi rèd ke mizèl te genyen an.
Ou pa jwenn anyen pou granmesi.
Zòrèy yo pa pi lou pase tèt la. Se yon bagay ridikil pou pale san reflechi sou moun, pou eseye enfliyanse yo lè w sèvi ak egzanp yo pa ka konprann.
Se siwo ki atire foumi.
Vanite - li pa gen chemiz esansyèl ki t ap byen kouvri kò l, li vle pantalon pito. Li mete plis fron pase bagay nesesè yo.
fòk dan ou fèmen ~ Pou w ka byen fete sou yon moun fòk ou pa vin move jan pa montre kòlèw ak move jan ou genyen.
Pale franse ou a pa fè m pè. Pale byen bèl pa vle di gen bon konprann.
Ou pa ka aprann sou yon vant vid. Grangou pa koute rezon.