Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè pwojè nan men ou si li ka reyalize ou konnen.
Yon moun ki gen gwo pwojè ki pa vle esplike ak pesonn moun li.
Moun ki vanyan yo pa konnen lannwit . Moun ki vanyan yo pa pè anyen.
Ou kouche sou po bèf la, epi w'ap pale l' mal!
Nèg ki fatige a pa kite medam yo konnen. Machismo.
Moun ki chante yon sèl chante ap resevwa yon sèl goud. Ou jwenn sa ou merite.
Rad fin vye pi difisil pou bat pase bon rad. "Rad fin vye pi bon pase pi bèl rad dimanch."
par: Pwonmennen chache pa janm dòmi san soupe.