Ou rekòlte jan ou simen.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Anpil bri pou granmesi.
Yon moun ou ka bezwen fòk ou pa meprize l fok ou pa voyel jete byen lwen paske yon joul ka sevi.
Se moun ki pi fèb yo ki soufri.
Lè w ap benyen tibebe yon lòt moun, lave yon bò; kite yon lòt bò. "Ou mèt fè sa ou vle; yon timoun ap rete fidèl ak paran li."
Pa bon al jwenn pa bon moun de byen al lakay moun de byen parèy li.
[politik!]
Lè w ap prese, kafe w la ap pase nan dlo a ak moulu kafe a. Prese fè gaspiyaj.
Pa tout lwil ki vin rans.