Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Ansyen dyab toujou dyab

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #104 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Dyab pa manje dyab, men li fè dyab pè

Nèg ki gen pouvwa yo nan menm sous youn pa ka kraze lòt men youn ka ba lòt presyon.

Pa gen kòd ki kapab mare dyab la

Pa gen okenn fason pou donte dyab la.

Fòk pa fè dyab pi nwè pase li ye

Pa fè dyab la pi nwa pase jan l ye a. Pa egzajere pwoblèm oswa defo.

Dyab pa janm bay pou gran mesi

Yon moun ki kwè nan djab kèk fwa dyab konn manjel osinon fè l fè gwo sakrifis yon moun ki fòsew travay pou sal baw.

Sa ki sòti nan dyab ale nan dyab

Sa ki soti nan dyab la, se dyab la li tounen.

Pa fè dyab pi nwè pase li ye

Pa egzajere.

Ansyen dyab toujou dyab

Lè w ap manje ak dyab, ou kenbe fouchèt ou byen long

Pran prekosyon lè w ap viv ak moun ki renmen pini e kritike.