Depanse lajan se yon bagay, men kenbe yon kont egzak se sa ki difisil la.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
"Si ou pa gen anyen enpòtan pou di, poukisa ou pa fèmen bouch ou?"
Ti branch/branch ou pa wè a, se li menm ki pèse/pete je ou a.
Se pa avèk yon sèl dwèt ou manje kalalou. Lè gen anpil moun met ansanm li posib pou nou reyisi pi vit.
Si yon moun di w l ap fè w yon bagay konnen l gen plan nan tèt li deja.
Li pi fasil pou yon lòt moun wè defol epi w ap pale sou sa toutan.
Pa kite aparans sipèfisyèl twonpe w. Bèlmè w ba w kalalou, pa kwè se manman w li ye.
Yon moun k ap soufri se li ki santi soufrans la poukont li.