Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “nanpwenn”
← Tounen nan lis prensipal la
Bèl larivyè, nanpwenn rad!

Bèl/bon rivyè, pa gen rad pou lave! " Kondisyon favorab , men pa gen anyen la pou pwofite de yo! oubyen Kontèks: Sitiyasyon pitoyab! "Bèl sitiyasyon/bon opòtinite; pa kapab eksplwate li!" Tout abiye e pa gen okenn kote pou ale.

Fizi tirè, nanpwenn aranjman

Zam nan deja nan men l, pa gen okenn aranjman/negosyasyon! "Nou ta pi byen pa kite batay la kòmanse, osinon li ka twò ta pou negosye!"

Gen koze, nanpwenn tan

Gen anpil bagay pou pale, men pa nenpòt ki lè. Gen anpil bagay pou di, men pa gen tan pou di yo.