Yon santiman egoyis ki fè konprann chak moun degaje l pou l viv pou kont li. <br>Chak moun ede tèt li. <br />Mwen menm k ap di ou sa. Lè yo bezwen ou, y ap mache dèyè ou tankou chyen. Rive yo fin rive, 'chak koukouy klere pou je l', y ap achte yon gwo bouldòg mete veye kay yo. Moun pa pwoche. <br /><i>varyasyon</i>: Chak koukouy klere pou je l.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Tout sa ki klere/briye pa lò.
Vrè valè a klere menm nan fènwa.
Yon moun ki pa konn ni li ak ekri.
Tout moun gen yon chans. Solèy la klere ni sou rich ni sou pòv.
Tout lespri pa fonksyone menm jan.
Se pa blag. Leve non.
Chak moun pou tèt pa yo. Yon moun pa janm pi byen sèvi pase ak pwòp tèt li. Si ou vle yon bagay byen fèt, fè l tèt ou. Egoyis.
Menm si lalin nan klè, limyè lajounen an ap pi klere pase li.