Pa joure manman krokodil la jiskaske ou fin travèse rivyè a. Pa aji twò vit epi pa vante tèt ou anvan ou fin fè yon travay.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou di yon moun ou pa bezwen l se lè w depase kotew te ka gen bezwen moun nan.
Mezanmi! Gade kòman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chyen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa.
Ou pa janm di move bagay sou manman krokodil la jiskaske ou fin travèse dlo a/rivyè a. “Ou pa janm di move bagay sou manman krokodil la si ou gen yon lòt rivyè pou ou travèse.”