Creole101 Logo

😂 Blag Kreyòl Ayisyen

😂 Blag — Creole101 Ri ak bon jan blag an kreyòl: sou lavi, lanmou, travay, legliz, lekòl, fanmi ak plis toujou.

Blag Lakay
😂 13

Dibrezo vle pann tèt li

A Anonim 1970-01-01 96158 gade

Pataje blag sa a:
Lavi a di, nèg pap travay, twòp imilyasyon pou Dibrezo. Yon bon aprè midi Dibrezo deside pati byen lwen ak yon kòd pou l al pann tèt li. Nan tout wout la l ap sonje Tinana li renmen anpil ak bèl pwojè li konn ap fe nan kè l. Malgre tou, li deside pann tèt li kan menm. Li jwenn yon pyebwa li monte li mare kòd la nan yon branch, li pase l nan kou l epi li lage kò l. <br />
Sa w kwè k pase? <br />
- Branch lan pat fò, li kase e Dibrezo tonbe "PIM". Misye di: "Wouch! Nan bagay pann tèt mwen sa a! Gade jan m manke mouri non!

Mo kle:

Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.

Kòmantè Facebook