Ba l remèd vè
L louis 1970-01-01 98342 gade
Se konsa, nonm na pentire kay la vèr e blan, li mete sou tout mi “Klinik katye w”. Menm jou a, yon premye papa mennen pitit li vini kay fo doktè sila a, l ap esplike kijan timoun li an gen yon etoufman ak yon tous ki pa janm rete depi 3 jou. Fo doktè a di: “Ba l remèd vè.”<br />
Yon lòt manman parèt ak pitit pa li epi di fo doktè a: “Mwen menm, pitit pa m nan se kò l k ap fè l mal…” Dòk repete: “Ba l remèd vè.”<br />
Twazyèm paran ki mennen ti gason l vin nan klinik la mande Dòk la kisa pou l fè. Misye reponn: “Ba l remèd vè.” Manman pete koken, li di: “Kijan remèd vè a?! Pitit mwen se sou yon pyebwa li monte, li sot tonbe tonbe, li gen kèk frakti nan kò li, ou menm w ap pale m de remèd vè.”<br />
Fo doktè a di madanm lan: “Men, si pitit ou pa t gen vè, kijan l ta fè al’ monte yon pyebwa jouk li sot tonbe? Chèche koz bagay la byen madanm.”<br />
Mo kle:
Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.
Kòmantè Facebook
Blag ki sanble
← Tounen nan lis blag yoEn dous, en cho...
Yon chofè kamyonèt ki te gen yon repitasyon kòm yon moun ki pa manje anyen frèt... Misye te konn fè Petyonvil - Dèlma (Dèlma - Petyonvil)... Yon jou, pandan l sot ba Dèlma, yon nèg rive Dèlma 91 li di 'mèsi chofè'... …
Pasajè tèt kale
Gen yon mesye ki monte yon bis an pwovens pou l ale lavil. L al chita jis nan fon bis la. Pandan misye nan bis la, li gen yon bezwen ijan, li di chofè a: Chofè, f'on ti kanpe pou mwen souple, mwen bezwen al twalèt. Ah…
Woz mwens salisan
Yon moun fou antre nan yon magazen li mande moun yo: "Mwen vle achte papye twalet..." Machann nan mande: "Ki koulè? Woz oswa blan?" Moun fou a reponn: "Ban mwen woz la, li mwens salisan..."
Bourik kraze tas
Gen yon mesye ki gen de bourik. Li te gen anpil tas li t ap transpòte sou yo. Gen yon ti vagabon ki pase, ki panse misye pap gade l, li rale yon plim nan dèyè bourik la. Sa tèlman fè bourik la mal, li pouw! l kouri, to…