Yon vòlè malen
L Louis 7572-12-15 26286 gade
Kounye a, misye nan tribinal, devan jij, y ap jije l. Yo vin ak temwen kont misye, videyo, tout moun wè misye koupab. Misye di: "Objeksyon!" Jij la ba l pale.<br />
- Se pa t fòt mwen si men dwat mwen t al vòlè. Mwen pa wè li jis ditou si men dwat mwen koze yon aksyon pou yo kondane tout mwen menm!<br />
- Jij la: Oke, pa gen pwoblèm. Mwen kondane men dwat ou pou l fè 10 zan prizon; sa depann de ou menm si w vle ale nan prizon avè l ou non. Sesyon an fini!<br />
Vòlè a, ki malen anpil, te gen yo fo men, li dekole men dwat la, li ba yo l, epi l vire do l l ale.
Mo kle:
Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.
Kòmantè Facebook
Blag ki sanble
← Tounen nan lis blag yoZanmi an renmen kouri
Zanmi 1: Poukisa ou ap kouri konsa? Zanmi 2: Paske mwen bezwen yon bagay. Zanmi 1: Ki bagay? Zanmi 2: Mwen bezwen repo!
Anpil akasan
Gen yon mesye ki leve maten ki grangou anpil, l al achte akasan. Li te gen sèlman 5 goud. Li achte 5 goud akasan ak pen. Yo ba l yon gwo kwi akasan, ann di sa yo ba li a vo anviwon 25 goud! Misye byen kontan, paske l t…
Evidamman
Se Toto ki pran valiz li ki deside fòk li ale lekòl jodi a. Pandan li nan klas la pwofesè a di mwen bezwen yon elèv ki pou fè yon fraz ak EVIDAMMAN.Gen yon elèv ki leve men l, pwofese a di l oke n ap tande w. Elèv la di…
De moun fou
se de moun fou ki ap viv nan menm zon, yon bon maten yo tonbe nan fe diskisyon ke yo se mango, premye a di monche se mwen ki mango, lot la di negatif boss se mwen ki mango. pou yo ka we kyes ki mango, depi a 8h 00am yo…