Creole101 Logo

😂 Blag Kreyòl Ayisyen

😂 Blag — Creole101 Ri ak bon jan blag an kreyòl: sou lavi, lanmou, travay, legliz, lekòl, fanmi ak plis toujou.

Blag Lakay
😂 3

En dous, en cho...

A Anonim 1970-01-01 64432 gade

Pataje blag sa a:
Yon chofè kamyonèt ki te gen yon repitasyon kòm yon moun ki pa manje anyen frèt... Misye te konn fè Petyonvil - Dèlma (Dèlma - Petyonvil)...

Yon jou, pandan l sot ba Dèlma, yon nèg rive Dèlma 91 li di 'mèsi chofè'... Machin kanpe, misye desann byen chèlbè l ap mache san l pa peye...

Chofè a di: "Jèn jan, vin peye machin nan!"

Misye reponn: "W a fè m peye si w kapap."

Chofè a di: "Bò lakay pa m, se nan kòd yo met vòlè tankou kabrit..." Epi chofè a desann machin li ak yon gwo kòd pou l kouri dèyè misye...

Kou l rive sou misye, misye rale yon koulin... epi chofè a tonbe sote kòd sou totwa a, epi lap di... "En dous, en cho! En dous, en cho!...

Mo kle:

Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.

Kòmantè Facebook