Creole101 Logo

😂 Blag Kreyòl Ayisyen

😂 Blag — Creole101 Ri ak bon jan blag an kreyòl: sou lavi, lanmou, travay, legliz, lekòl, fanmi ak plis toujou.

Blag Lakay
😂 8

Evidamman

G Gladymir 8599-01-19 56466 gade

Pataje blag sa a:
Se Toto ki pran valiz li ki deside fòk li ale lekòl jodi a. Pandan li nan klas la pwofesè a di mwen bezwen yon elèv ki pou fè yon fraz ak EVIDAMMAN.<br />Gen yon elèv ki leve men l, pwofese a di l oke n ap tande w. Elèv la di: "Evidamman si yon moun ap travèse lari li pa gade adwat agoch li ka fè aksidan."<br />Pwofesè a di bravo!<br />
Toto nève, li leve men l, pwofesè a di n ap koute w Toto. Li di: "Mwen wè grann mwen ki pran yon jounal ki vire dèyè kay la."<br />
Pwofesè a di kote "evidamman" an, Toto di: "EVDAMMAN grann mwen pral nan twalèt paske li pa konn li."

Mo kle:

Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.

Kòmantè Facebook