Li fimen kle a
J Jean de la Font 5369-01-19 85805 gade
Nan demen maten, granm bonè, tafytè a pran wout pou l al' lakay li. Alkòl la toujou nan san l, se apèn si l ka mache, l ap souke de bò. Anfen! li rive lakay li.

Misye antre men l nan pòch li, li pran 'kle' a pou l ouvè pòt la. Misye kout kle, kout kle. O oh! pòt pa janm ka ouvè, kle a pa menm ka antre nan seri a menm. Misye kontinye ap panche adwat agoch, li kout kle...

Gen yon vazin ki di l:

Vwazen, sa w ap fè la a? 'E pa se ak yon sigarèt w ap chèchè ouvè pòt la?

Lè misye resi pran konsyans se yon sigarèt ki lan men l, li met de men nan tèt li, li di:

Wiyfout!!! m fimen kle a!
Mo kle:
Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.
Kòmantè Facebook
Blag ki sanble
← Tounen nan lis blag yoToto ak Pwofesè Jounalistik la
Pwofesè a: Kisa yon bon jounalis dwe genyen? Toto: Yon bon telefòn ak yon bon plan kominikasyon. Pwofesè a: Non, Toto, yon jounalis dwe genyen konesans, etik, ak objektivite. Toto: Wi, men san yon bon telefòn ak bon pla…
Toto ak Pwofesè Jografya a
Pwofesè a: Kisa ki kapital peyi d Ayiti? Toto: Kapital la se lajan. Pwofesè a: Non, Toto, se Pòtoprens. Toto: Wi, men san lajan, Pòtoprens pa ka fè anyen. Se lajan ki fè tout bagay mache.
Moun fou yo vle sove
De moun fou ki te vle sove nan yon sant sikatri. Y ap planifye ki jan yo pral fè pou yo ale. Yo toulede dakò: Si baryè a pa wo nou ap pase anba. Si li ba nou ap oblije pase anwo. Youn ladan yo al gade e li retounen t…
Neg malad la
Yon neg ki malad al we yon dokte. Le 'l rive ,li di dok: mwen gen yon pwoblem, m pa janm ka sonje pawol m' di. Dokte a reponn :pwoblem sa grav wi. Misye di: ki pwoblem?