Mo jounen an 🇭🇹 | 18 fevriye 2026
Aprann yon nouvo mo Kreyòl chak jou.
💡 Mo jounen an
htacheve
Fini fè yon travay ki te kòmanse. Finisman.Fini fè yon travay ki te kòmanse. Finisman.
Past Words
konkonbrèt
Diskisyon oswa dezakò ki souvan chaje ak move santiman. Egzanp: Mwen pa vle antre nan konkonbrèt fanmi an. Konplo, entrig, oswa manèv kache moun ap fè pou mete dezòd oswa pou fè lòt moun mal. Egzanp: Gen twòp konkonbrèt nan politik peyi a. Sitiyasyon kote gen anpil ti konfli, pale anpil, oswa pwoblèm ant moun. Egzanp: Yo toujou ap fè konkonbrèt dèyè do moun. Li kapab vle di yon ti gwoup moun k ap koze, 2 oswa 3 zanmi k ap pale, yon ti klan ki nan tèt a tèt.
fanm
Femèl e manman, yon fi ki adilt.
Koke
Aksyon yon kòk ki monte sou do yon poul pou akouple avèk poul la. Aksyon nenpòt mal èt vivan ki antre nan relasyon seksyèl ak yon femèl.
boulonnen
Vise. Mete yon boulon nan pwent yon vis epi vire li pou filyè boulon an rantre nan fliyè vis la pou jis boulon an mache kont sou vis la.
bèbè
Yon moun ki pa kapab pale. Yon moun ki pèdi pawòl. Sanble moun ki bèbè toujou soud tou.
akize
Mete responasblite yon move aksyon, yon krim sou do yon moun.Mete responasblite yon move aksyon, yon krim sou do yon moun.
mati
Yo moun yo touye pou lafwa li.
malfwendenng
Tonton Bicha itilize ekspresyon sa a nan yon film (I love You Anne). Li sanble vle di: gwo vagabon, mal pis, gwo pis.
koupe dwèt
Koupe yon dwèt literalman, sa ki ap lakoz dwèt la ansanm ak zo a separe de men an. Egz: Chak kan yo kenbe yon moun ap vòlè, yo koupe yon dwèt li. Blese dwèt ou ak yon kouto oswa yon objè file. Egz: Fè atansyon, jilèt sa ka koupe dwèt ou. FIGIRE: Manje ki ka lakoz ou mòde yon dwèt aksidantèlman paske manje a gou anpil. Se kòmsi yo di w fè atansyon, manje a ka lakoz ou koupe dwèt ou, sitou manje ou kenbe ak dwèt ou pou w mete nan bouch. Egz: Sheila konn fè manje anpil; li fè yon griyo, aah, se koupe dwèt!
kòtakòt
Advèb manyè ki montre fason yon bagay plase pa rapò yon lòt, oswa fason de oswa plis moun sitiye yo. Li vle di ke yon bagay oswa yon moun plase sou kote yon lòt swa a dwat, swa a goch. Kòtakòt montre amoni oswa inite ki genyen pami kèk moun ki fè yo rete toupre.Egz: Yo sèvi Bondye kòtakòt, nan mitan kongregasyon an.
asasinen
Aksyon yon asasen sou viktim li.Aksyon yon asasen sou viktim li.
atakè
Nenpòt moun ki rantre sou yon lòt moun avèk fòs, gwo pawòl pou entimide li, touye li tou si sa posib.Nenpòt moun ki rantre sou yon lòt moun avèk fòs, gwo pawòl pou entimide li, touye li tou si sa posib.
akouche
Pouse yon bebe ki te andedan vant soti deyò.Pouse yon bebe ki te andedan vant soti deyò.
kokennchenn
Anpil nan yon bagay. Abondans. Anpil fwa yo itilize l kòm yon eksklamason pou montre jan yon moun oswa yon bagay frapan oswa li gen gwo efè, li ka gen sans: bon nèt, remakab, bèl anpil. Elatriye. Egz: Nou ap di w yon kokennchenn mèsi pou tout sa ou fè pou nou!
abstraksyon
Eta yon sijè, yon diskisyon ki fini san konklizyon e plizyè lòt lide soti nan diskisyon sa a.Eta yon sijè, yon diskisyon ki fini san konklizyon e plizyè lòt lide soti nan diskisyon sa a.
andante
Fè dan. Bay yon bagay fòm yon dan. Mete yon liy yon paragraf plis sou bò dwat pase kòmansman tout lòt liy avèk paragraf nan yon tèks.Fè dan. Bay yon bagay fòm yon dan. Mete yon liy yon paragraf plis sou bò dwat pase kòmansman tout lòt liy avèk paragraf nan yon tèks.
gen je sèch
absan
ki pa prezan, ki pa la.
dwón
Yon avyon san pilòt ki telekomande oswa yon ti aparèy vole, san l pa gen moun ladan l. Yo itilize dwón yo anpil nan lagè kounye a, ke pou siveyans a distans, ke pou lage eksplozif, lè sa a yo pale de dwón kamikaz Gen ti dwón tou piti ki gen kamera nan yo. Yo itilize yo pou pran foto ak videyo.
ranyon
Moso twal, rad ki lave anpil, twò ansyen pou moun abiye epi moun mete yo nan yon kwen ou byen anba matla kabann.
chavire
Pran yon pozisyon tankou lè tèt la vini anba epi pye yo ale anlè. Yon machin ki kouche sou yon kwen li, tèt anba, nan yon falèz.
anpèchman
Yon fòs ki anpeche yon bagay fèt. Obstak.Yon fòs ki anpeche yon bagay fèt. Obstak.
anglè kreyòl
Tradiksyon de lang anglè a kreyòl ayisyen
entènèt objè
An palan de tout òdinatè, sèvè, ak aparèy tout kalite (telfòn, tablèt, mont, gadjè, TV, refrijeratè...) ki konekte sou entènèt oswa sou yon rezo kèlkonk. Ansanb aparèy ki kapab konekte sou nèt la.
prereki
Klas debaz ou dwe pran anvan w pran yon klas avanse. Yon etap ki nesesè pou w suiv anvan w pase nan pwochen etap la.
ak de ran dan
San okenn zouti pou ede nan travay sa a. San bonjan ekipman.
Botswana
Yon peyi nan mond lan. Kapital li se Gaborone
acheve
Fini fè yon travay ki te kòmanse. Finisman.Fini fè yon travay ki te kòmanse. Finisman.