Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Kenbe l la

src: ht
Back

Letra

src: ht
(Entro) Sa konn rive ke w gen yon moun nan men w Men w pa konn enpòtans li Ou rive pèdi l nan fè tenten E se lè sa w ap rann ou kont de tout valè l genyen Ou manke mwen Ou manke mwen a mò Ou manke mwen Ou manke mwen a mò (Refren) Lè w jwenn yon moun ki fè kè w bat, pa kite l ale Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la Lè w jwenn yon moun ki konn renmen, pa kite l ale Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la (1) Yon jou maten ou deside ou pap rete, ou vle ale Sa k ap pase w la, sa k rive w la Ou fe m konprann ke mwen blese w Ke mwen tronpe w, Ou pa vle rete Ou pa vle kanpe la, sa k rive w la (Pon 1) Oh non cheri mwen pa dakò w kite m San m pa wè sou kiyes m pral apiye m Ou konnen byen jan ou gentan gate m Ak defo m yo kiyes ki pral asepte m (Refren) Lè w jwenn yon moun ki fè kè w bat, pa kite l ale Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la Lè w jwenn yon moun ki konn renmen, Pa kite l ale Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la (2) Se sèl ou k nan kè mwen, ou k nan vi mwen Depi ou pa la m pa santi m byen Tanpri tounen nan vi mwen Paske se ou ki kle bonè mwen Ou se premye fanm ke m pa anvi tronpe Pou mwen ou se yon zanj nan pye w m anvi ranpe M sonje bouch ou nan bouch mwen ki te konn tranble Ak ti vwa w nan zorey anm, menm jan w te konn chante (Pon 2) Ou fè ti kè mwen bat fò M anvi kole kò m ak kò w Fò w padone m pou sa m fè w Tounen nan vi mwen Ou fè ti kè mwen bat fò M anvi kole kò m ak kò w Fò w padone m pou sa m fè w Tounen nan vi mwen (Pon 3) Mwen di w pawòl ki pli ke konpliman M pa merite konpliman Se lè w pa la mwen rann mwen kont ke w se yon konpleman Ou manke m, ou manke m (amò) Si w kite m, si w kite m (Refren) Lè w jwenn yon moun ki fè kè w bat, pa kite l ale Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la Lè w jwenn yon moun ki konn renmen, Pa kite l ale Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la

Tradução

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: PT
Not saved