Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Manman ak manmi

Artist: BIC
src: ht
Back

Letra

src: ht
(2016) (Refren) Mwen gen yon zanj ki patnè m nan syèl la. Ki ofri m yon wikenn gratis nan jaden paradi a. Tikè a valab pou de, de pye m nan 'on grenn soulye. Mwen anvi ale avèk madanm mwen. M anvi mennen manman m tou. E e e (1) Nou rele madanm nou manmi, men manmi nou pa manman nou Youn pote nou nan vant, lòt la pote pitit nou Pa gen youn ki pi enpòtan ke lòt Menm si gen malandren ki bay nenpòt nan yo kalòt Manman se limenm ki bay lavi Manmi se limenm ki ede nou jwi lavi Donk pa janm swete pou ta nan plas on nèg k ap chwazi ant manman ou manmi pou rantre nan paradi Gen nèg ki renmen manman men k pa renmen manmi Gen nèg menm ki renmen manmi men ki pa renmen manman Manman manmi, manmi manman tou 2 se kè m E m resève yon bagay pou yo chak nan bwat sekrè m (Refren) Mwen gen yon zanj ki patnè m nan syèl la. Ki ofri m yon wikenn gratis nan jaden paradi a. Tikè a valab pou de, de pye m nan 'on grenn soulye. Mwen anvi ale avèk madanm mwen. M anvi mennen manman m tou. E e e (2) On nèg ki pa leve ak manman, ou pèdi On nèg ki gen on move manmi, ou modi On nèg k ap leve men sou fanm, ou gen kè di On nèg k ap dòmi san manmi se manje fredi Manman w se manmi papa w oubyen bòpè w Manmi w se manman fanm ou, se on bò kè w Manman manman w se grann Si l ta mouri, pa bliye lè w pa gen manman, ou ka tete manmi Ni manman, ni manmi yo toulède enpòtan Demele w kou mèt janjak pou fè kè toulède kontan Pa jete youn pou lòt, pa jete lòt pou youn Si 2 bra pa sifi, aji kou dèzòm pòtan Manman w se manmi papa w oubyen bòpè w Manmi w se manman fanm ou, se on bò kè w Manman manman w se grann Si l ta mouri, pa bliye lè w pa gen manman, ou ka tete manmi E e e (Refren) Mwen gen yon zanj ki patnè m nan syèl la. Ki ofri m yon wikenn gratis nan jaden paradi a. Tikè a valab pou de, de pye m nan 'on grenn soulye. Mwen anvi ale avèk madanm mwen. M anvi mennen manman m tou. E e e

Tradução

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: PT
Not saved