Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Fòk tèt ou la

src: ht
Back

Pawòl

src: ht
(Atis envite Fantom) (Entwo) Yo yo yo yo Ou pa renmen l vre Its Roody Roodboy Fantom eklate (Pon) Nèg k ap bwè avè w k demake lè yo pral manje Atè pou n mete yo Nèg k ap vinn ba w baz sèlman lè w gen pou depanse Atè pou n mete yo Moun k antre sou ou sèlman lè yo bezwen pou prete Atè pou n mete yo Se mwen, se yo… (Refren) Fòk tèt ou la frè m Pa kite zanmi gaspiye w Fòk tèt ou la sè m Pa kite moun itilize w Fòk tèt ou la frè m Pa kite zanmi detounen w Fòk tèt ou la sè m Pa kite zanmi w yo devye w (Roody) Yo yo M pap pale an parabòl, M pral vinn dwat sou verite a Nèg k ap ba w j approuve la, Se li menm pou evite a Yo rele w boss, Yo rele w baz, Yo rele w patron Kou lajan w fini granmèsi chyen an s on kout baton Fo w maton, mete tèt ou sou zepòl ou Y ap pale w de pwogram jamè yo pap pale w de lekòl ou Lè m nan pwoblèm mizè m poukò mwen Lè m gen afè m kite m jwi li poukò mwen (Pon) Nèg k ap bwè avè w k demake lè yo pral manje Atè pou n mete yo Nèg k ap vinn ba w baz sèlman lè w gen pou depanse Atè pou n mete yo Moun k antre sou ou sèlman lè yo bezwen pou prete Atè pou n mete yo Se mwen se yo… (Refren) Fòk tèt ou la frè m Pa kite zanmi gaspiye w Fòk tèt ou la sè m Pa kite moun itilize w Fòk tèt ou la frè m Pa kite zanmi detounen w Fòk tèt ou la sè m Pa kite zanmi w yo devye w Ou pa renmen l vre (Fantom) Y ap pran w pou tou piyay, pou toujou bay, y ap lave men ou Use ou tankou kobay, si w pa met may, enbyen frèm men ou Pou yo fòk sant mizè ya ta toujou ret anba nen ou Lè w te genyen ou tonbe, menm frè w ka di li pa konnen ou Fòk tèt ou la, se tèt ou dabò, gen trèt tou abò, fè byen se fwèt Lè w gen y ap avèw, y ap rele mèt, y ap ba w tout pawòl pou blanchi w nèt Egzanp, mwen menm ki la m te gen disip ke Jezi Kris Moman kalmi yo m pat wè yo youn, yo t ap viv nan mond jidayis Travay Bondye fè m ret nan menm, je m vinn louvri m wè s ak t atè yo M klete pòch mwen, gen sa k te pwòch mwen, m dekouvri k te eksplwatè yo Alèkile pa gen zanmi ankò, gen defandè enterè M tou pale w fòk tèt ou la, pou devan w pa tounen dèyè w Eklate (Roody) Menm Bondye di pa met konfyans nou nan lòm Se sak fè mwen pran mizè mwen poukò m M veye, M priye, M fè kòmsi m pa sou bò n Letènel m ap priye li pap janm kite m poukò m (Refren) Fòk tèt ou la frè m Pa kite zanmi gaspiye w Fòk tèt ou la sè m Pa kite moun itilize w Fòk tèt ou la frè m Pa kite zanmi detounen w Fòk tèt ou la sè m Pa kite zanmi w yo devye w Fòk tèt ou la frè m.

Tradiksyon

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: HT
Not saved