Pawòl
src: ht
(Entro)
Sa konn rive ke w gen yon moun nan men w
Men w pa konn enpòtans li
Ou rive pèdi l nan fè tenten
E se lè sa w ap rann ou kont de tout valè l genyen
Ou manke mwen
Ou manke mwen a mò
Ou manke mwen
Ou manke mwen a mò
(Refren)
Lè w jwenn yon moun ki fè kè w bat, pa kite l ale
Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la
Lè w jwenn yon moun ki konn renmen, pa kite l ale
Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la
(1)
Yon jou maten ou deside ou pap rete, ou vle ale
Sa k ap pase w la, sa k rive w la
Ou fe m konprann ke mwen blese w
Ke mwen tronpe w, Ou pa vle rete
Ou pa vle kanpe la, sa k rive w la
(Pon 1)
Oh non cheri mwen pa dakò w kite m
San m pa wè sou kiyes m pral apiye m
Ou konnen byen jan ou gentan gate m
Ak defo m yo kiyes ki pral asepte m
(Refren)
Lè w jwenn yon moun ki fè kè w bat, pa kite l ale
Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la
Lè w jwenn yon moun ki konn renmen, Pa kite l ale
Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la
(2)
Se sèl ou k nan kè mwen, ou k nan vi mwen
Depi ou pa la m pa santi m byen
Tanpri tounen nan vi mwen
Paske se ou ki kle bonè mwen
Ou se premye fanm ke m pa anvi tronpe
Pou mwen ou se yon zanj nan pye w m anvi ranpe
M sonje bouch ou nan bouch mwen ki te konn tranble
Ak ti vwa w nan zorey anm, menm jan w te konn chante
(Pon 2)
Ou fè ti kè mwen bat fò
M anvi kole kò m ak kò w
Fò w padone m pou sa m fè w
Tounen nan vi mwen
Ou fè ti kè mwen bat fò
M anvi kole kò m ak kò w
Fò w padone m pou sa m fè w
Tounen nan vi mwen
(Pon 3)
Mwen di w pawòl ki pli ke konpliman
M pa merite konpliman
Se lè w pa la mwen rann mwen kont ke w se yon konpleman
Ou manke m, ou manke m (amò)
Si w kite m, si w kite m
(Refren)
Lè w jwenn yon moun ki fè kè w bat, pa kite l ale
Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la
Lè w jwenn yon moun ki konn renmen, Pa kite l ale
Kenbe l la, kenbe l la, kenbe l la