Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Mèsi Manman

Artist: BIC
src: ht
Back

Pawòl

src: ht
(Featuring F-Mack - 2016) (Entwo) Hey Manman, oh Hey hey hey hey ah (1) Mwen grandi nan pami diri ti wòch goute grès Manman m pat gen ase pou l te ban m manje pou m te kite rès Mwen grandi nan mitan zanmi, mwen grandi san papa m Manman m te toujou di m si m pa al lekòl sa m pran se pa m Mwen grandi nan mitan mank, mwen grandi nan mitan bank bòlèt M grandi nan legliz, manman m aprann mwen bay lakòlèt Li te toujou di m fòk mwen aprann fè zèv, e sa pa pou bèl zèb pou m mare chwal mwen bò falèz mwen grandi avèk manman m, donk mwen grandi avèk lanmou m grandi ak yon madanm ki sou de pye l depi douvan jou mwen grandi ak detèminasyon m grandi avèk dinyite bon tanperaman granmoun depi epòk pibète m grandi avèk esperans, m grandi nan doulè m grandi san m pat gen twòp chans nan on katye popilè lekòl se pi bèl rezo m te pote nan sakado manman m se pi gwo trezò ke lavi a fè m kado (Refren) Mèsi manman pou sa ou ye pou mwen (manman) mèsi manman m nan, pou sa m vin ye pou tèt mwen mèsi manman pou sa ou ye pou mwen, oh wi wi wi Mèsi, mèsi, mèsi manman m nan (2) Manman m se yon sòyèt, men se fanm ki gen brain Diyite l fèt an asye, po tòti, on rendeng Manman m s on koutiryè ki pote sèt pitit sou do li Manman m se fanm ki bèl menm si l gen mak lavi sou po li (sa se vre) Manman m s on imòtèl manman m se pechè d latè Vye van lavi soufle sa pa sifi pou met do l atè Se pa yon entèlektyèl, manman m s on madan sara 57 - 2016, manman m s on lò 59 kara Manman m se yon tigrès sa vle di l se pitit tig Manman m se yon negrès papa m rankontre l Pelig Li tèlman sèvyab, l ap sèvi moun ki nan vèy li Manman m renmen m anpil, li rele m tèt sèkèy li Manman m s on moniman, manman m se dènye grenn nan Li pa yon po piman, hein hein se li ki grenn nan Manman m mache kontre lavi li pa chita tann Manman m s on piramid, li pa kaptèn anba kabann Manman m se yon modèl de reyisit, m ap felisite l Manman m gen lanmou pou chak grenn pitit, m ap plede site l Manman m pa gen machin men lavi pa janm pati kite l Manman m se yon egzanp, pitit fi l yo ta dwe imite l Manman m se yon senfoni, manman m s on resital Manman m se pa moun isit, se fanm Plato Santral Manman m travèse lavi san fè vye zafè Manman kase bèk lavi, manman m se bèk fè (Refren) Mèsi manman pou sa ou ye pou mwen (manman) mèsi manman m nan, pou sa m vin ye pou tèt mwen mèsi manman pou sa ou ye pou mwen, oh wi wi wi Mèsi, mèsi, mèsi manman m nan

Tradiksyon

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: HT
Not saved