Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Tounen Souple

Back

Pawòl

src: ht
(Featuring Mandela - 2012) (Lyrics By-Mandela Jean François & Roosevelt Saillant) (Entwo) Yo just tande melodi a yo mande kiyès ki la Pòtòprens, Pòdepè BIC, Mandela (Mandela) Si w wè mwen pa kriye, konprann mwen se kè m ki sere Pou jan w leve w ale san w pa di mwen kisa k pase M pa konn kilè n a rankontre ankò Devan lanmou pa janm gen rezon ni tò (Oh gosh) M toujou la bò kote w, m pa janm lage w yon jou Bon tan kou move tan, m te toujou la pou m di w bonjou cheri (Refren) Bagay sa a fè m mal, m santi l pa nòmal Tounen vin jwenn mwen souple cheri (Mandela) M sonje lè n te kontre, tout bèl pawòl ki te konn pale Mwen ak ou nou te jire pou nou pat janmè separe M te konn rele w manmi, ou te konn rele mwen papi Men jodi a ou pa menm konsidere m tankou yon zanmi Ou soti pou kase kè mwen, ou bliye si w se kado mwen Eske w sonje lè fanmi w zanmi w pat vle ou pou mwen Malgre sa yo te fè yo di pou mwen pa janm anyen Jodi a m leve w ale, m espere yon jou ankò n a kontre cheri (Refren) Bagay sa a fè m mal, m santi l pa nòmal Tounen vin jwenn mwen souple cheri Yo just tande melodi a yo mande kiyès ki la Pòtòprens, Pòdepè BIC, Mandela (BIC) Woy sa boule boule, m pat kwè m ta ka dekole M potre yon karateka ki pran nan yon depyekole De pye m nan yon gren soulye Espwa m se sou ou li ye Antouka, gen yon bagay ke mwen souliye Viv a de se pa yon bagay ki fasil ditou ditou Kè yon fanm se yon bagay ki frajil, m aprann sa tou Si m fè betiz, konprann mwen se lòm M ap goumen pou m pran metriz, pran fòm kòm Antretan, m ape mande w pou pa kite m M ap soufri men se rezilta stipidite m Oh, sorry cheri, padone m (Refren) Bagay sa a fè m mal [Mwen santi m bouke] M santi l pa nòmal [Non mwen pa ka kenbe cheri] Tounen vin jwenn mwen souple cheri

Tradiksyon

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: HT
Not saved