Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Youn nan yo

Artist: BIC
src: ht
Back

Pawòl

src: ht
(Produced By-Master Luck - 2016) (Lyrics By Roosevelt "BIC" Saillant) (Entwo) Gen de bagay ki pa gen pri, mizik se youn nan yo Gen de bagay ki pa gen bri, pwezi se youn nan yo Gen peyi ki chaje talan, Ayiti se youn nan yo Gen fanatik ki krezi, ou se youn nan yo (1) Nou mete m sou yon pedestal, m di nou mèsi Nou ban m chalè, nou ban m lòv, nou ban m respè, m di nou mèsi Se vre m renmen tande Fefe k ap freestyle, Men mwè tèks pa m yo nan je nou, m pa gen on boul Kristal M vin retounen ban nou èd nou te ban mwen Efè boumrang, nou voye m anlè, m redesann vin jwenn nou Zèl nou ban mwen fè m vole pi wo pase nou Men yo pap janm fè m bliye ke m te leve nan de pla men nou Anpil moun ki ap fè mizik san sèvèl toujou gen tandans rele sa y ap fè a son lari Tankou m ta di w nan lari pa gen nèg ki gen revèl Jodi a m vin di nou sispann bay blag si n pa vle m ri Nou te gen misyon pou edike yon jenès Nan ba yo bouyi vide yo prèske pèdi gou bouch yo Tizon Dife a kanpe an dokreyès kont tout sa k ap fè kònè tounen touch yo Direksyon enspirasyon se anlè l ye Tout konpozisyon dife nan pay se pou on lè l ye Sispann aprann lari a panse an kou l cho l kwit Pou yo sispann panse ke siksè dwe vini tout swit Plis w ap ankouraje medyokrite w ap pi frajil Plis w ap leve nivo lari a w ap pi ajil Plis w ap kouri, se plis ou sanble ak aksidan Plis w ap monte, pezantè a vin pi fatigan M son atis ki gen de pye m sou tè Mwen goumen anpil anpil pou m mache tèt anlè Nan non Easy One, tout riyèl, tout gran ri, albòm sa a batize Vokabi-Lari (Anvan Pon) Gen de bagay ki pa gen pri, mizik se youn nan yo Gen de bagay ki pa gen bri, pwezi se youn nan yo Gen peyi ki chaje talan, Ayiti se youn nan yo Gen fanatik ki krezi, ou se youn nan yo (Pon) Youn nan yo (Yeah) Ou se youn nan yo Sa k ap sipòte m yo Youn nan yo (Yeah) Ou se youn nan yo Fanatik k ap chante yo Youn nan yo (Yeah) (2) Bò isi, kiyès ki gran, kiyès ki piti? Kiyès ki Ayisyen, kiyès ki blan, kisa k Ayiti? Kisa ki akiltirasyon, kisa ki kilti? Men ki jenerasyon ke n ape fòme pou lefiti? Gen bagay ki ka sove nou, mizik se youn nan yo Malerezman gen atis ki pran li pou yo pèdi tan yo Swadizan pwomotè ki di w pa ka rive san yo Bon nou pa janm fè wout, kijan pou nou fè bloke pasan yo? M pase kou sentiwon nan pasan yo Mwen pa janm kite yo itilize m pou pastan yo Karyè m dekole san yo Mwen pa tèt pete ki vin bay kreten bwè san yo Mwen fè mizik pou m mete peyi m devan Tankou m te di nan Flex BIC pral pata pik, mabouya rele van Gen moun ki panse manman m te pouse m de pye devan Pou jan m tonbe nan gòj yo tankou yo pa genyen dan devan Tizon Dife a pi rèd Plis w ap eseye bare l, se plis w ap pi lèd Gen kèk tan nou maltrete nèg lari yo Nou fè yo chante lòbèy, apre sa pou nou ka ri yo Bagay sa yo, m paka gagari yo Imaj nou montre de jenès la pa gabari yo Mwen pote yon lòt pwezi pou yo Pou mezire rèv yo, lòt mezi pou yo (Anvan Pon) Gen de bagay ki pa gen pri, mizik se youn nan yo Gen de bagay ki pa gen bri, pwezi se youn nan yo Gen peyi ki chaje talan, Ayiti se youn nan yo Gen fanatik ki krezi, ou se youn nan yo (Pon) Youn nan yo (Yeah) Ou se youn nan yo Fanatik k ap chante yo Youn nan yo (Yeah) Ou se youn nan yo Medya k ape woule m yo Youn nan yo (Yeah) (Fen) Gen mizisyen ki gen talan, John Mogène se youn nan yo Gen manadjè ki gen lanmou, Lourdana se youn nan yo Gen bagay ki ban m respè, lekòl se youn nan yo Gen fanm ki pa janm fatige, manman m se youn nan yo Youn nan yo, se youn nan yo Youn nan yo sa se youn nan yo Master Luck beat la Ou se youn nan yo

Tradiksyon

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: HT
Not saved