Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Tann pou tann (feat. Papash)

Artist: Master G
src: ht
Back

Pawòl

src: ht
Master DJI: Depi lè w' piti y'ap pede repete-w Ke si w' pa vle gen tray fò w' reziyen-w travay Men ou piti, ou pa konprann Koze sa tròp pou ou, w'ap relax sou yon kabann Ou leve w' al lekòl, a midi ou Capitol Ou wè lavi a bèl, chak jou gen lakansyèl Lè egzamen rive nan bat bèt je-w enfle Lè ou rive sou fèy ou wè w' ap fè mèvèy Lè ou tande rezilta final, ou prèt pou w' fè skandal Touye-w rache-w, se pa ou menm ki antò Tonè boule-w, ou konnen w' fè efò E poutan, lè sa ou santi-w dekouraje Plis ane ap pase plis ou mande anraje Ou akize lasosyete, w' komanse kritike W' ap pale prejije, ou wè se ou k' te dwe rive Men w' pa wè lè ou tap pran plezi Te gen yon lòt ki tap redi Gade kounye an l' reyisi E se ou menm k' ape sibi Se konsa nan lavi Se tann pou w' tann, fò w' gen kouraj pou w' tann Se tann pou w' tann e fò w' gen fyèl pou w' tann Refrain: Se tann pou w' tann (3x) Master DJI: Se listwa yon madmwazèl kite konnen l' te bèl Men ki pat janm gen kòb pou l' te achte yon bèl ròb Lè-l desann pòtoprens, l' ap gade bèl negès Byen fre nan volan bèl machin Pòtre lò k' gen dèyè vitrin Li pa konn sal ta bay pou l' rive san travay Men l' pa chache konnen ki mwayen ki genyen Yon nèg ki tap pase nan yon BMW Cheke manmzèl, san pèdi tan fè-l respire odè lajan Anvan solèy gentan fin kouche Malerèz la wè tout afè-l regle Ane pase, li fin pran fil Menm si y' ap lonje dwèt sou li, l' ap jwi lavi-l E yon bon jou li tonbe damou Men nèg la fè-l konprann se pa yon moun konsa li tap tann Manmzèl kriye, li prèt pou l'mouri Li gen lajan e poutan l'ap soufri Li te gentan wè-l te nan paradi Li pat dòmi reve yon jou konsa sa ta chanje Men se tann pou w' tann, fò w' gen kouraj pou w' tann Se tann pou w' tann men fò w' gen fyèl pou w' tann Refrain: Se tann pou w' tann (3x) Master DJI: Papash, di-m sa nou di Papash: Nou la nouvelle génération d'Haiti Fòk nou met tèt ansanm pou nou ka rekonstwi Nou konn tou sak te pase Nou pata vle rekòmanse Nou gen anpil travay pou n' fè Pou nou rive fòk nou pa gad dèyè E menm si fòk nou pran san tan zafè, zafè Sak vin apre yo va profite Va kontinye sa nou te kòmanse Car se nou menm ki tout fòs yon nasyon E n' ap fè back si nou nan divizyon Fòk nou ka tann avan nou gen satisfaksyon Master DJI (Papash): Mwen di tann (Tann), tann pou tann (tann pou tann) Tann pou tann pou tann (tann pou tann pou tann) Se tann pou tann fò w' gen kouraj pou w' tann Mwen di tann (Tann), tann pou tann (tann pou tann) Tann pou tann pou tann (tann pou tann pou tann) Se tann pou tann e fò w' gen fyèl pou w' tann Se tann pou w' tann, fò w' gen kouraj pou w' tann Se tann pou w' tann e fò w' gen fyèl pou w' tann Refrain: Se tann pou w' tann (3x)

Tradiksyon

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: HT
Not saved