Paroles
src: ht
(Featuring Rutshelle Guillaume)
(Entro)
Maestro
It’s Roody Roodboy and Rutshelle
Di yo sa
Speciale, tu es speciale à mes yeux
Speciale, tu es speciale, speciale.
(Roody Roodboy)
Ou toujou la pou mwen lè pwoblèm yo ap debòde
Ou fè m konpran reyalite ke dan ak lang konn mòde
Lè nou pa ka al nan yon resto n reziye n n pran yon pate kòde
M vin gen plis matirite ou rann lespri m pa bone
(Rutshelle)
Ou se premye nèg ki fè m konn gou lanmou.
Imajine sèlman lavi m san ou ban m degou.
Ni mwen, ni ou deside pou nou ret' soude.
Pou n pa janm lage.
(Refren)
Lè w ban mwen love baby.
Lè w ban mwen love baby.
Senserite, fidelite, afeksyon ke m mande w.
Lè w ban mwen love baby.
Lè w ban mwen love baby
Se tout bagay sa yo ki fè san ou mwen pa ka viv.
(Roody Roodboy)
Baby san ou mwen pa ka viv
Lè m ap pase rad w ap fè lesiv
Lè w ap lavi diri
M pran pilon m pile powo m pile siv
Respè m baw fè m pa nan triche avè w
Devan zanmi devan fanmi m pa nwi m afiche m avè w
Lanmou m pou ou se on santiman fondamantal
Ki fonde ak kò ki fonde ak nanm e ki fonde ak mantal
Nan kèm mwen chase hèn ak jalouzi santiman sal
Kounya m vin romantik e m vin trè santimantal
M chwazi mete lanmou kòm?
Jalouzi vin febli santiman m pou ou
Mwen prè pou m antre menm nan lanfè
Depi w avè m mwen la fòm fè tout sakrifis pou ou
Ou se fanm mwen – nonm mwen
Feblès mwen – fòs mwen
Richès mwen oh non non non
Ou se trezò mwen – mwatye mwen
Avni mwen
Lanmou mwen
(Refren)
Lè w ban mwen love baby.
Lè w ban mwen love baby.
Senserite, fidelite, afeksyon ke m mande w.
Lè w ban mwen love baby.
Lè w ban mwen love baby
Se tout bagay sa yo ki fè san ou mwen pa ka viv.
Speciale, tu es