Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Yè ak jodi

Artist: BIC
Back

Paroles

(2016) Haha Check (1) Mwen pap mete ajenou si se pa priye m ap priye Dekilakyèl de fènwa, ou pa wè se briye m ap briye M te tete manman m 9 mwa, m pat sevre avan lè Pèsonn pa ka ban m may ankò, m pa fèt avanyè M vin konprann ou pa ka ret chita sou kont pèsonn Se ou k pou demele janm ou, pèsonn pa kè de pèsonn E plis ke m vin konnen ke malè pa gen klaksonn M fè mizik pou m klaksonnen pou sa k pa gen pèsonn Yè m te yon ti gason, jodi a m son konbatan Yè m te elèv lekòl, jodi a m ap fè lekòl Yè se te manman m avèk papa m ki t ap peye lwaye Jodi a m se yon kontribyab k ap jere fwaye Yè pa m pa jodi, e jodi pa m pa yè M pa toutous k ap mache chache vyann kay tayè Yè m te nan on plas, jodi a mwen pi wo plase Yè m te mabi cho, jodi a m s on vè ji glase Yè m te kribich, jodi a mwen se oma Vin touche m bann sentoma (Pon) Yè m te kribich, jodi a mwen se oma Vin touche m bann sentoma Yè m te kribich, jodi a mwen se oma (2) Plis ke yè 7 fwa pi bèl ke jodi, S on lòt rezon pou jèn pitit sòyèt geto travay 7 fwa pi di Plis ke dimanch pa pi bèl ke lendi, Jenès Ayiti pa ka kontinye ap vann kredi pou mèkredi Si yè yo pa te entegre nou, se pa jodi a ke yo pral travay pou enterè nou Adolesans nou, jenès nou, vyeyès nou nan de pla men nou Siksè se responsablite nou Sosyete Ayisyèn la se yon jeng Mwen wè lou, mwen wè brebi Mwen wè saj, mwen wè deng Mwen wè fim ki fini san yo pat gen debi Mwen wè de twa moun jenere nan mitan yon bann peng On jèn ki pa gen kontwòl sa k pase yè, Pa fè kòve ap mande l pou l analize jodi a Li tankou jump fòmate, E sa k pi di a, pa sezi si l ap rele Farawon senyè Alòs kite m kache andan pwezi mwen Yè m te melankolik, jodi a m ap pran plezi mwen Gen moun ki swete bato m t ap fè nofraj, Men depi Titanic fin koule, m vwayaje nan nyaj Yè yo te pwomèt yo t ap ede m jodi Men jodi a rive, kounya ya p mande m pou m tann demen Demen m deja konn sa k pral pase, m wè fim nan deja Se chat k ap veye mantèg yon chyen ki g on pat kase M pa nan jwe ankò tande L’âge amène la mission, jodi a mwen transande Jèn ti gason ki leve nan Delmas 32 M pa boule etap nan vi m, m pa fè 3 avan 2 Yè m te kribich, jodi a mwen se oma Vin touche m bann sentoma (Pon) Yè m te kribich, jodi a mwen se oma Vin touche m bann sentoma Yè m te kribich, jodi a mwen se oma (Fen) Haha On kout mikwo pou tout jèn ki kenbe tèt yo Yon kout mikwo pou tout jèn ki renmen frè yo Yon kout mikwo pou tout jèn k ap pwotejè sè yo Yon kout mikwo pou tout jèn, trak sa a se pou yo Yon kout mikwo pou tout jèn ki fò nan geto yo Yon kout mikwo pou tout jèn ki pa vann valè yo Yon kout mikwo pou jèn ki pa gen salè yo Yon kout mikwo

Traduction

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: EN → to: FR
Not saved