Letra
src: ht
Formidable
Nous étions formidable
Formidable formidable
Cherie ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se on fanm valab
Tout saw fè aksetab
Ou formidable
Formidable formidable
Cherie ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se on fanm valab
Tout saw fè aksetab
Ou formidable
Cheri w formidable
Lè m ansanm avè w tonnè boule m mwen konfòtab
Ou enkonparab
Se sou tout jounal y afiche w kòm yon fanm valab
Feeling lè bouch mwen depoze sou bouch ou
Fason m pase men sou ou, ou pran rrle way chouchou
Fè ti koka bò kou w bwè ti laskao nan bouch ou
Pase plim poul nan lonbrit ou fonw ti satiyet bò kòt ou
Pandan nap bwè Barbancourt, n ap bwè de kou
Chache 'on feeling menm m pap sou
Fanm sa formidable tout sa l’ fè enkwayab
Avèk li lavi m’ stab, jou m kite’l map koupab
Ou son’w fanm kreyol yon mango k pa tout djòl
San fè parabòl nan vim ou jwe tout wòl
Fanm sa dwòl fanm sa fòl chak segond li ban m call
Anpil nèg bezwen ba l tchèk paske l gen stil lakòl
Ou sonw biblo, ou sonw bèl tablo
Mwen kontan cheri ou se madan Izo
Formidable formidable
Cheri, ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se 'on fanm valab
Tout sa w fè aksetab
Ou formidable
Formidable formidable
Cherie ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se 'on fanm valab
Tout sa w fè aksetab
Ou formidable
Cheri kounya w pa nan selfie paske se mwen k pral fè foto w
E se ou m genyen kòm sèl fi tout jounen map ret bò kote w
Mwen ta renmen tounen bebe pou m te ka pa sispann tete w
Ou s'on vit machin tròp nèg gade w m pral oblije tente w
Fason m baw love la, nan sans sa ou pa pòv la
Gad jan m ba w dòz la, mwen fè w high san buzz la
Cheri sè mwen k ka fè ekspozisyon lanmou sou kè’w
E fè m konfyans map ekspoze tout sa ka fè bonè’w
Jan m karese w janm dolote w, chalè sou kò w leve
Ou dedouble ou pran tranble, menm branch cheve w vibre
Dezakòde ou detone tankou fil ki mele
Ou pa rasta mwen fè w get high pi mal ke Bob Marley
M santi n ann amoni, pou mwen w’ sonw senfoni
Ou s'on bèl melodi, remèd tout maladi
Pou ou tèt mwen pati, nan ou pa gen defisi
Chak fwa w gade’m ou souri, mwen santi’m nan paradi
Formidable formidable
Cherie ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se yon fanm valab
Tout sa w fè aksetab
Ou formidable
Formidable formidable
Cheri ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se yon fanm valab
Tout sa w fè aksetab
Ou formidable
Formidable