Letra
src: ht
(1)
Mwen fatige, tande w nan telefòn sèlman
Mwen fatige admire w nan foto sèlman
Ti souri ou manke m, ti gou bouch ou manke m
M anvi wè w m anvi pi prè w, chalè kò ou manke mwen
(Pon)
Mwen pa ka tann ou vini jwenn mwen pou nou fè lanmou
(Vin jwenn mwen baby)
Kole sou ou jouktan l fè jou
(Refren)
Cheri, karese m la.
Pase men w sou kò mwen, dòlote m la.
Met bouch ou nan bouch mwen, miyonen m la.
Chouchoute m la, kajole m la.
Baby, karese m la.
Pase men w sou kò mwen, dòlote m la.
Met bouch ou nan bouch mwen, miyonen m la.
(2)
M pa kwè m ap janm ka fè l avèk on lòt paske ou gate m
M renmen lè w fè m rete anba ou menm w ap mate m
W ap gade m, w ap di m cheri please tape m
W ap mete lang ou nan bouch mwen, jwe ak krache m
M renmen kenbe de bò dèyè w pou m ap pran pwa jan l fat la
M renmen lè w fatige pou w ap di m please ban m back shot la
Ou konn tout pwen sansib mwen, mwen konn tout pwen sansib ou.
Ou renmen alsiyis mwen, mwen renmen alsiyis ou.
Cheri, pipi kenbe m.
(Pon 1)
Jan w dòlote mwen.
- Pa gen moun sou tè sa ki fè l menm jan avè w.
Jan w chouchoute mwen
- Pa gen moun sou tè sa ki fè l menm jan avè w.
Jan w miyonen mwen.
- Pa gen moun sou tè sa ki fè l menm jan avè w.
Jan w kajole mwen.
- Pa gen moun sou tè sa ki fè l menm jan avè w.
Cheri, pipi kenbe m.