Letra
src: ht
(Atis envite MikaBen)
(Intro)
Hey hey
Oh yeah o yeah
Mikaben Izolan
Fanm sa pwoblèm – wi n abitye avè yo wi
Men map fèl kanmèm – oh wi
Mika m oblike pran pasyan wi – fa sho
Chante pou yo non
(Refren - MikaBen)
Kite m pase wè w
Tanpri louvri kè w
Yèswa mwen dòmi m leve map pase men sou kòw
Fè lanmou avèw plezi m anvi baw
Sam konnen m anvi fèw wa
Kite m karese w
Cheri ou konnen se ou sèl mwen anvi
Kite m dòlote w
Doudou se avèw sèl m anvi fè lanmou
Kite m pase wè w
(1)
M anvi manyen w kite m pran swen w
De men m sou ren w, bouje ren w
M anvi fèw jemi, fè tout kòw fremi
M anvi bòw plezi, vle fèw jwi lavi
Cheri m anvi gide w vire w tankou lè m sou gidon
E trete w tankou ti bebe vini pou m ba w bibon
Aswè a m pap fouti dòmi depi w pa bò kote m
Tout bèl rèv mwen konn fè yo si w pa la yo tout ap bòykote m
Kite Izo baw love san ou map chòv
Kite lanmou nou dechaje tankou kanach nikòl
Mpap baw manti cheri m pa vle ou pou zanmi
Mwen plis wè nou ka bati on fanmi
(Refren - MikaBen)
Kite m pase wè w.
Tanpri louvri kè w.
Yèswa mwen dòmi m reve m ap pase men sou kò w.
Fè lanmou avè w plezi m anvi ba w.
Sa m konnen m anvi fè w la.
Kite m karese w.
Cheri ou konnen se ou sèl mwen anvi
Kite m dòlote w
Doudou se avè w sèl m anvi fè lanmou
Kite m pase wè w
(2)
Cheri kisa pou m fè ankò pou m posede w?
Mwen pare pou m fè tout sam kapab bebe pou m pwoteje w
M anvi pran w pou m mennen w vire
Pran w pou m fèw vwayaje
Pran w pou mwen fèw ponpe
Pran w pou m fèw depale
Mwen gen lontan m t anvi di w lanmou k nan fon kè m
Menm lè m pa t fò lekòl cheri pou ou m pral di powèm
Respire m bèl pawòl m vle fèw pèdi kontròl
M vle fè tèt ou vire tou won tankou w te bwè alkòl
Lèm pa wèw m pa tande w m santi m pa an jwa
Li te mèt gwo solèy mwen santi m nan fè nwa
Fanm sa pran tèt mwen jiskaske mwen santi m an danje
Tanpri Mika ba l yon bridge pou mwen ka soulaje
(Pon)
Jan wè l la sanble se menm mizè a n ap pase
Je fè yon pakèt efò pou manzè ta banm on ti bò
Si w wè sa, map fèl kanmèm li te mèt fè sa l vle
So cheri ou mèt ouvè kòw baby ou mèt ouvè kòw
(Refren - MikaBen)
Kite m pase wè w
Tanpri louvri kè w
Yèswa mwen dòmi m leve map pase men sou kòw
Fè lanmou avèw plezi m anvi baw
Sam konnen m anvi fèw wa
Kite m karese w
Cheri ou konnen se ou sèl mwen anvi
Kite m dòlote w
Doudou se avèw sèl m anvi fè lanmou
Kite m pase wè w