Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Lavi amerika

src: ht
Back

Letra

src: ht
Yo yo yo It's Roody Roodboy Gwo Bout Mizik Empire Nan peyi m m pat vle rete Etazini mwen te monte Lavi miyò m tal chèche poutan m echwe (Refren) Lavi amerika {Etazini d Amerik} se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Travay amerika se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Al lekòl amerika se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Byen vire amerika se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Lè mwen te fenk debake Tout fanmi mwen t ap fete Yo te pran m pou ti bondye Y ap adore mwen Lè gen de mwa k finn pase Yo mande m kilè m prale Yo kòmanse imilye m Y ap repouse mwen Kite m nan kay la san manje M pi lèd pase koukou Tcheke patnè m adwat agoch M ap chache bras m ap chache kou Chak tan lepè a gade m Se komsi l di m: "al fè wout ou!" Pou valè bill li gen pou l peye Li pap vinn met apse sou klou (Refren) Lavi amerika se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Travay amerika se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Al lekòl amerika se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Byen vire amerika se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Poste foto sou facebook Fè moun konnen m ap byen pase Poutan ti trip ap manje gwo trip M prèske trepase M tèlman gen pwoblèm M santi lespri mwen trakase M santi m pèdu valè m M ap mal pase Plede manje manje dòmi Nan salon m ap dòmi M tankou yon momi Ayiti m sonje manmi Amerika pa gen zanmi Li pa gen fanmi Si w pa gen backup Depi anlè w deja kanni Father rele m li di m fò m degaje m Jwenn yon bèl ti fanm nan peyi blan pou m marye Men fòk m veye m paskel ka pyeje m Ak yon child support li kapab fon jan l kondane mwen (Refren) Lavi amerika se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Travay amerika se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Al lekol amerika se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Byen vire amerika se pa 'on bagay fasil [Sa k te voye w?] Lè mwen rive amerika mwen te panse m nan paradi Reyalite a vinn frape m mwen wè kijan lavi a di Sa m pa t ap janm fè Ayiti, se yo m ap fè Miami Lave veso, pase mòp Epi on vye blan ap ban m dan di M rele ohhh Mwen pa wobo gad' jan m ap bourike M kriye ohhh Se la pou ye pou wè tray m ap pase Ayiti m sonje ou Se sikonstans ki fè mwen lwen w Ayiti m sonje ou Kanmèm yon jou fò m retounen (Refren) Lavi amerika se pa 'on bagay fasil Travay amerika se pa 'on bagay fasil Al lekòl amerika se pa 'on bagay fasil Byen vire amerika se pa 'on bagay fasil

Traducción

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: ES
Not saved