Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

M ap tann Ayiti mam nan

Artist: BIC
src: ht
Back

Letra

src: ht
(2016) (Entwo) Tout Ayiti k' pa bon pou youn, li bon pou lòt. (Pon) Mwen wè Ayiti gwo chabrak yo. Mwen wè Ayiti etranje yo. Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon. Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan. Mwen wè Ayiti gwo palto yo. Mwen wè Ayiti Minustah yo. Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon. Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan. (1) M pa ka viv isi, m pa ka viv laba M pa nan hamburger, m pa nan pen ak manba M pa anyen isi, m pa anyen deyò Donk m s on kèlkonk moun ki dòmi deyò Konsitisyon pwomèt mwen asistans, Men sa date de tèlman lontan m vin gen degoutans Lè m mande paleman ki sa li ka fè, li di m lwa se papye, bayonèt se fè M vin konprann ke m lage poukò m nan yon savann, Se mwen ki pou rele, se mwen ki pou reponn Mwen pase anba fil, mwen pran kantè Men lòt peyi yo ban m enstalasyon, yo pa ban m kontè M vin tounen yon dyaspora ilegal ki t ap chache on maleng pou l grate ki jwenn yon pè gal Se kò m ki laba, lespri m Ayiti Podyab malere pa vwayaje, se pati l pati (Pon) Mwen wè Ayiti gwo chabrak yo. Mwen wè Ayiti etranje yo. Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon. Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan. Mwen wè Ayiti gwo palto yo. Mwen wè Ayiti Minustah yo. Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon. Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan. (2) Bò isi blan mannan gen valè pase nou Yo posede byen pase nou, yo sekirize pase nou Yo manje pi bèl pwason pase nou Yo bwè pi bon ji pase nou Yo gen tè pase nou De ki Ayiti w ap pale hein? De sa ki bon pou yo a, ou de sa k ap fè nou soufri a? Di m de ki boujwazi w ap pale? O an verite yo bon pou pri a Pi gwo lapenn lè m vwayaje se lè m kontre Ayisyen ki posede plis ke 2 bacc Yo te anvi rete pou mennen bak yo, men mache an Ayiti a kraze pak yo (Pon) Mwen wè Ayiti gwo chabrak yo. Mwen wè Ayiti etranje yo. Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon. Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan. Mwen wè Ayiti gwo palto yo. Mwen wè Ayiti Minustah yo. Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon. Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan. (Pon 2) Pi bèl kokoye yo se pou yo Pi bèl bout yanm yo se pou yo Ey plaj yo se pou yo Peyi Desalin nan se pou yo o Pi bèl fanm kreyòl se pou yo Bèl otèl se pou yo Yo gen 27,750 kilomèt kare Se mwen k pa gen peyi (Pon) Mwen wè Ayiti gwo chabrak yo. Mwen wè Ayiti etranje yo. Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon. Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan. Mwen wè Ayiti gwo palto yo. Mwen wè Ayiti Minustah yo. Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon. Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan. Tout Ayiti k pa bon pou youn, li bon pou lòt BIC Tizon Dife

Traducción

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: ES
Not saved