Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Se pa nou tout

Artist: BIC
src: ht
Back

Letra

src: ht
(2016) (Pon) Nou tout bezwen soti paske nou tout nan tou Nou tout bezwen manje paske nou tout grangou Nou tout vle respire paske nou tout rakou Nou tout ap mache chache lavi toupatou Men se pa nou tout ki prè pou akspete yo koubi do nou Se pa nou tout ki prè pou machande fyète nou BIC di se pa nou tout nan koridò yo Se pa tout jèn gason yok a fè tounen mendò yo Se pa nou tout Nou tout grangou men nou tout pa ti grangou (1) Kenbe kenbe la, piga lage Ayiti se yon pyès kay, se nou poto a ye Kanpe kanpe la, pa deplase Moun ki pa renmen nou yo, se yo ki pou demake Nou se jenès, sa vle di nou se baton lavyeyès Veye nan antouraj ou tout moun ki genyen move mès Pa kite yo mete pri sou tèt ou, ou pa komès Kenbe flanbo a pou l pa tenyen Menm si ou pa soti nan fanmi ki gen gwo mwayen Gen twò lontan yo trete w tankou rad sal Menm jan mwen gen lontan m pa ba w plezi nan dancehall (Pon) Nou tout bezwen soti paske nou tout nan tou Nou tout bezwen manje paske nou tout grangou Nou tout vle respire paske nou tout rakou Nou tout ap mache chache lavi toupatou Men se pa nou tout ki prè pou akspete yo koubi do nou Se pa nou tout ki prè pou machande fyète nou BIC di se pa nou tout nan koridò yo Se pa tout jèn gason yok a fè tounen mendò yo Se pa nou tout Nou tout grangou men nou tout pa ti grangou (2) Mwen konnen ke nan geto li pi difisil Sante nou pa pi solid ke yon fisèl An plis yo pran nou tout pou pitit Cecil Donk detèminasyon se sèl zam nou posede Pou n reyisi fòk nou obsede Lè tantasyon yo vle tounen gwo menas Ou bezwen kanpe an kiba dachi defas Pa bliye se nou, nou tande? Ki dwe chofè tèt nou (Pon) Nou tout bezwen soti paske nou tout nan tou Nou tout bezwen manje paske nou tout grangou Nou tout vle respire paske nou tout rakou Nou tout ap mache chache lavi toupatou Men se pa nou tout ki prè pou akspete yo koubi do nou Se pa nou tout ki prè pou machande fyète nou BIC di se pa nou tout nan koridò yo Se pa tout jèn gason yok a fè tounen mendò yo Se pa nou tout Nou tout grangou men nou tout pa ti grangou [Outro] Nou tout bezwen soti paske nou tout nan tou Men se pa nou tout ki prè pou kite yo demonize nou Nou tout vle respire paske nou tout rakou Nou tout ap mache chache lavi toupatou Men se pa nou tout Se pa tout jèn nan geto ki kite yo pran yo pou tisina Se pa nou tout M ap voye yon gwo kout mikwo pou jèn k ap soufri men ki kenbe la

Traducción

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: ES
Not saved