Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Sispann

Artist: Master G
src: ht
Back

Letra

src: ht
Master DJI: Chanje, anpil bagay chanje Depi 7 fevriye Ayiti libere Jou sa, tout sa ki te toujou lite Ki pandan 29 an pat janm dekouraje Tout sa ki pat janm espere Ki te fin reziyen yo mouri san reziste Rekòmanse viv yon dezyèm fwa Gad landemen yo avèk lespwa Yo di menm si yo pa gen manje Omwen lespri yo va delivre Paske yo ka pale Si m' pa rele m’ a toufe Master DJI: Pale pou denonse mizè ak prejije Pale pou fè konnen soufrans yo andire Pale pou yo mande(?) kraze, brize, dechouke Pale pou yo pale jouk lè yo gen dyare pale Yo pa sonje gen pou tande, pou koute Pou yo manyè rete analize, non, yo pito depale Wi yo pito depale Epi gen lòt ki te chita ki tap tann revolisyon Pou pwopoze yon pil, yon pakèt lòt solisyon Yo di yo vle efase, elimine move tradisyon Raze tout sa ki te plonje nan koripsyon Gen nèg ki vle ede konstwi lanasyon Ki di ke gen mwayen pou bay satisfaksyon Men nan ki kondisyon, oubyen a ki kondisyon Refrain: Sispann fè kachkach Sispann ban-n kout fwèt kach Sispann fè yapach .............. Sispann fè yapach Sispann ban-n kout fwèt kach Sispann fè kachkach ................. Master DJI: Chanje, pafwa ou chanje zòn Pafwa tout moun pou ou sòt .......................................... Lè sa nan eksperyans w’ a wè bagay yo yon lòt jan W’ a fin pa bliye tout vye santiman W’ a sispann gad dèyè pou w’ pike pi devan Konsa w’ a wè jan ou te pèdi tan (Konsa w’ a wè jan ou te pèdi tan) Pèdi tan nan veye vwazen k’ ap plede fè tenten Pèdi tan nan chèche konnen san w’ pa chèche fè anyen Menm si yon fwa tap renmen tankou tout moun, sispann plenyen Poutan gad jan ou santi-w byen, eske ou ta renmen tounen Eske ou ta renmen tounen Refrain: Sispann fè kachkach Sispann ban-n kout fwèt kach Sispann fè yapach .............. Sispann fè kachkach Sispann ban-n kout fwèt kach Sispann fè yapach .............. Master DJI: Krik krak, kiyès ki kraze rak Tim-tim bwa sèch, kiyès ki sot nèg sèch Kiyès ki oblije kite kouran pou lanp bòbèch W’a sonje sa, w’a resite sa sèt fwa 1, ........................ 2, se pou w’ kolabore 3, aprann viv ak lafwa 4, men pa janm pèdi lakat 5, lè w' pa gen dis sere senk 6, travay pou la jistis 7, tout krochèt gate jwèt sèt fwa, sèt fwa, w’ a resite sa sèt fwa Refrain: Sispann fè kachkach Sispann ban-n kout fwèt kach Sispann fè yapach .............. Sispann fè kachkach Sispann ban-n kout fwèt kach Sispann fè yapach

Traducción

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: ES
Not saved