Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Tout moun se moun

src: ht
Back

Letra

src: ht
(Top Alderman) Tout moun vin tande MC Top Adlerman pote mesaj sa pou nou Vin fè nou konnen ke tout moun se moun, tout moun pa menm E chak moun ka chwazi yon stil ke li vle Hear me now (Wolf Cool MC) Oh ou oh ou oh ou oh oh oh Ah ou ah ou ah ou ah ah ah Lese mwen wi Ou fè m konnen ke tout sa m fè pa bon Ou fè m konnen ke se pa w ki pi bon Lese mwen wi Aprann konprann ke tout moun pa gen menm gou Aprann konprann ke tout moun pa gen menm chwa (Refren) Tout moun se moun mwen di tout moun pa menm Mentalite n nou oblije chanje l Tout moun gen stil mwen di tout stil pa menm Mentalite n nou oblije chanje l (Top Adlerman) Souvan mwen ap gade yon seri de moun mal sou stil yo Eske yo pa gen dwa chwazi yon stil yo wè k bèl pou yo Nan stil pa w lan ou relax, nan pa m lan w pa vle ban m vag Ou dread or beseba, mwen menm mwen fon Hi Top Ou pran feeling, li pran feeling, mwen pran feeling, pa gen pàn Si tout moun te gen menm chwa lemond lan pa tap janm evolye Ta va gen yon sèl koulè nan tout koulè k ekziste Ta va gen yon sèl modèl nan tout rad ke n ap mete Ta va gen yon sèl mak machin nan tout machin n ap woule E menm de frè ta va gen yon fanm pou yo de Lamizè kriminalite se sa sèlman k tap sou pye Pa gen yon moun ki tap kanpe pou se pa ............... E yon paran paka fè chwa pou pitit li (Refren) Tout moun se moun mwen di tout moun pa menm Mentalite n nou oblije chanje l Tout moun gen gou mwen di tout gou pa menm Mentalite n nou oblije chanje l (Top Adlerman) La plupart des parents choisissent pour leurs enfants Et parfois même les obligent à épouser Une personne qu'ils ont jadis refusé Ça aboutit souvent à un avenir gâché Alors parents, il faut qu'vous sachiez Que le choix d'aimer revient à soi même (Refren) Tout moun se moun mwen di tout moun pa menm Mentalite n nou oblije chanje l Tout moun gen stil mwen di tout stil pa menm Mentalite n nou oblije chanje l (Wolf Cool MC) Si se sou stil n ap gade, sa yon moun t ap fè Pa t ap janm genyen vòlè Patt ap janm gen eksplwatè Lepli souvan se yo menm ki pi ..... Lepli souvan se yo menm ki pa gen chans Se sak fè anpil jèn vle kraze ponpe wi (Top Adlerman) Tout fanm se fanm mwen di tout fanm pa menm Mentalite n nou oblije chanje l Tout moun gen gou mwen di tout gou pa menm Mentalite n nou oblije Gen fanm ki fidèl e gen fanm ki pèlen Gen nèg ki flannè e gen nèg gwosoulye Ou renmen yon grimèl li menm li renmen yon black Ant ou menm ak li menm mwen di mwen pa wè dram Kisa n ap di si n wè yon bèl fanm pran yon nèg lèd Kisa n ap di si n wè yon gran nèg pran yon malerèz Pa kouri kirtike pou n di ke entèl pa gen gou Paske n pa konn sou ki sans ki jan ke youn renmen lòt Se menm jan ak yon manman mwen di k gen twa pitit Youn gen dwa sot yon doktè, dezyèm lan yon chantè Twazyèm lan yon enjenyè, yo pa t fèt pou menm bi Son kesyon de chwa, a wi, son kesyon de gou Si frè m fè yon bagay ki mal pa panse ke mwen kab fè l A wi nou frè se vre men nou pa gen menm panse Mezanmi eseye konnen kijan n ap diferansye n (Refren) Tout moun se moun mwen di tout moun pa menm Mentalite n nou oblije chanje l Tout moun gen stil mwen di tout stil pa menm Mentalite n nou oblije chanje l (Top Adlerman (Wolf Cool MC)) Dokté (cheke stil pa w) Engenyè (cheke stil pa w) Me sing again pastè (cheke stil pa w) Footbolè (cheke stil pa w) Jah Rastafaria (cheke stil pa w) Mwen di tout samba (cheke stil pa w) Tout vodouyizan (cheke stil pa w) E nou menm ougan (cheke stil pa w) Ou pa bezwen gran nèg pou w fè yon stil ak tèt ou (Refren) Tout moun se moun mwen di tout moun pa menm Mentalite n nou oblije chanje l Tout moun gen stil mwen di tout stil pa menm Mentalite n nou oblije chanje l

Traducción

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: ES
Not saved