Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

M anvi fè l avè w

Artist: Izolan
Album: Izolan
src: ht
Back

Lyrics

src: ht
(Atis envite MikaBen) (Intro) Hey hey Oh yeah o yeah Mikaben Izolan Fanm sa pwoblèm – wi n abitye avè yo wi Men map fèl kanmèm – oh wi Mika m oblike pran pasyan wi – fa sho Chante pou yo non (Refren - MikaBen) Kite m pase wè w Tanpri louvri kè w Yèswa mwen dòmi m leve map pase men sou kòw Fè lanmou avèw plezi m anvi baw Sam konnen m anvi fèw wa Kite m karese w Cheri ou konnen se ou sèl mwen anvi Kite m dòlote w Doudou se avèw sèl m anvi fè lanmou Kite m pase wè w (1) M anvi manyen w kite m pran swen w De men m sou ren w, bouje ren w M anvi fèw jemi, fè tout kòw fremi M anvi bòw plezi, vle fèw jwi lavi Cheri m anvi gide w vire w tankou lè m sou gidon E trete w tankou ti bebe vini pou m ba w bibon Aswè a m pap fouti dòmi depi w pa bò kote m Tout bèl rèv mwen konn fè yo si w pa la yo tout ap bòykote m Kite Izo baw love san ou map chòv Kite lanmou nou dechaje tankou kanach nikòl Mpap baw manti cheri m pa vle ou pou zanmi Mwen plis wè nou ka bati on fanmi (Refren - MikaBen) Kite m pase wè w. Tanpri louvri kè w. Yèswa mwen dòmi m reve m ap pase men sou kò w. Fè lanmou avè w plezi m anvi ba w. Sa m konnen m anvi fè w la. Kite m karese w. Cheri ou konnen se ou sèl mwen anvi Kite m dòlote w Doudou se avè w sèl m anvi fè lanmou Kite m pase wè w (2) Cheri kisa pou m fè ankò pou m posede w? Mwen pare pou m fè tout sam kapab bebe pou m pwoteje w M anvi pran w pou m mennen w vire Pran w pou m fèw vwayaje Pran w pou mwen fèw ponpe Pran w pou m fèw depale Mwen gen lontan m t anvi di w lanmou k nan fon kè m Menm lè m pa t fò lekòl cheri pou ou m pral di powèm Respire m bèl pawòl m vle fèw pèdi kontròl M vle fè tèt ou vire tou won tankou w te bwè alkòl Lèm pa wèw m pa tande w m santi m pa an jwa Li te mèt gwo solèy mwen santi m nan fè nwa Fanm sa pran tèt mwen jiskaske mwen santi m an danje Tanpri Mika ba l yon bridge pou mwen ka soulaje (Pon) Jan wè l la sanble se menm mizè a n ap pase Je fè yon pakèt efò pou manzè ta banm on ti bò Si w wè sa, map fèl kanmèm li te mèt fè sa l vle So cheri ou mèt ouvè kòw baby ou mèt ouvè kòw (Refren - MikaBen) Kite m pase wè w Tanpri louvri kè w Yèswa mwen dòmi m leve map pase men sou kòw Fè lanmou avèw plezi m anvi baw Sam konnen m anvi fèw wa Kite m karese w Cheri ou konnen se ou sèl mwen anvi Kite m dòlote w Doudou se avèw sèl m anvi fè lanmou Kite m pase wè w

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved