Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Lapli vini

Artist: BIC
src: ht
Back

Lyrics

src: ht
(Featuring Cinthia Michel - 2016) (Entwo) E e e eya papa (Pon) Lapli vini, lapli vini ma ba w bonbon (1) Bout mamit, pye recho Sachè nwa, sachè dlo Bòl emaye, kèp fresko Lari a bouke Kawotchou, po mango nan lari Drivayè, chomeko nan lari Bon samariten, bizango Lari a bouke Kenedi, chen janbe Babekyou, tèt poupe tonnè Retay tòl, bwat treto anba jipon Madan Kolo (Pon) Lapli vini, lapli vini ma ba w bonbon (2) Rès machin, po katouch Dlo bidèt, dlo bouch Sab lanmè, tèt gravye Lari a bouke Rès kadav, grès balèn Titanyen, Bwadchèn Vye bourèt, vye pòslèn Lari a bouke Barikad, polis kanpe Asfalt k ap tranpe Wout nasyonal defonse Lari a bouke (Pon) Lapli vini, lapli vini ma ba w bonbon (3) Lari Pòtoprens bouke [Li bouke] Lari Jeremi bouke [Li bouke] Lari Kap Ayisyen bouke [Li boupe] Tout riyèl yo, tout gran ri yo, tout enpas yo bouke (Pon) Lapli vini, lapli vini ma ba w bonbon

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved