Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Nou byen mal

Artist: BIC
src: ht
Back

Lyrics

src: ht
(Featuring Abojah - 2016) (1) Nan mond lan, gen moun ki vini pou kouri jouk tan fyèl yo pete Gen lòt malgre yo gen de pye ki vini pou ranpe Gen sa ki vini pou anpeche lòt vini Gen sa k ap viv pou anpeche lòt viv Sa vle di ke menm si se ak yon chabon dife, Chak moun nan vi a gen yon wout ki trase Menm si se ak sandal oubyen ak soulye, fòk ni lewa, ni larèn pase pase Mal avèk byen gen menm acte de naissance Jezi ak Jida te oblije fè konesans Pa gen lanvè san landwat, pa gen landwat san lanvè E se pi gran prensip nan linivè Ki enpòtans lavi si pat gen lanmò? Siksè pa t ap gen okenn gou si pat gen remò. Si mond lan te sanpousan pozitif, nou t ap raz. Sa ta pral mande yon table rase Lòm, nou nan mitan de dimansyon Byen avèk mal se ren pou ren, fifty - fifty. Si w pa ka fè ekilib, sorry piti Paske menm avèk yon gwo bibit w ap piti piti Rich, pòv Enmi, sòv Hèn, lòv Djwèd, chòv Nan pwezi yo rele sa mo ki rime Si yo di w BIC renmen sa, se pa rimè (Pon) Nou byen, nou mal. Nou byen mal, E se pa yon mal. Nou byen, nou mal. Nou byen mal. E se nòmal. (2) Se plizoumwen mèyè eksplikasyon De plis e de mwens ki se yon bèl kontradiksyon Byen ak mal fè pati konsepsyon vi a Eve te oblije manje fwi a Lisifè ak lanj Gabriyèl gen menm papa Èske w deja reflechi sou sa ti papa? Mwen pa vin ankouraje w fè mal, Men inyore l se tèt ou w ap fè mal Ou pap janm ka anpeche dlo bay lavi, Menm jan ou pap janm ka anpeche l detwi lavi Tout sa k ka fè byen anmèmtan ka fè mal Men si w ka fè plis byen, deja sa pa pi mal Mwen mal plase pou m pale w de byen Men m byen kontan ke lavi m pa pi mal M ap fè efò pou m kenbe ekilib M pap lage lavi m nan men envalid (Pon) Nou byen, nou mal. Nou byen mal, E se pa yon mal. Nou byen, nou mal. Nou byen mal. E se nòmal. (3, Abojah) Ou pa t ap konn sa k fòs san feblès. Viktwa san defèt, ni jwa san detrès. Vi sa a s 'on istwa ak de tèt, li vas. Inyorans san konesans, tout bagay gen de sans. Fè aksyon, tann konsekans. Soufrans pa vini san rezistans, rilaks Moun konn di l byen lè se malfektè yo fè mal E malgre l mal, li pa vle admèt a erè movèz fwa l Si pa gen lòd pa gen dezòd, si pa gen lòd gen dezòd Pa gen de God, si pa gen maryaj pa fouti gen divòs. Ou ka konprann mal ak byen mal Konfonn byen ak mal Paske byen pi mal pou l fèt ke mal, sa byen fè m mal Ou byen vini w ka fini mal Malfini pou poul, pou malfini chasè ak fistibil Fas a fas, dozado, fraz pa fraz, mo pa mo Sahara, gwo ma dlo Sa a ra, BIC Abojah kolabo Tonton palmis, kalite vis Raj oubyen saj Nan mond blan nwa, nou byen pal, Nou byen mal. (Pon) Nou byen, nou mal. Nou byen mal, E se pa yon mal. Nou byen, nou mal. Nou byen mal. E se nòmal.

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved