Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Lyrics

src: ht
(Featuring Steeve Khé - 2012) (Refren) Si l deja mouri kite l ale Si l deja travèse kite l kontinye Pyès kretyen vivan sou latè pa vin pou rete Priye pou li, fèmen sèkèy la, kite l ale Au nom du père et du fils Papa ak pitit ki bay lavi Au nom du Saint Esprit ki diferan de Ogou Badagri Yon sèl Dye an twa pèsonn fè chak pèsonn sanble Bondye Avèk diferans ke yon jou nan yon sèkèy n ap alonje Lavi blengendeng, plezi, soufrans gen desann, gen monte Lanmò ti landeng di ke nenpòt sa k monte fò l desann Lè yon moun mouri s on ekwasyon de pye kout pran devan Depoze l nan simityè a epi an n pike douvan Viv, viv paske se sa ki esansyèl San inyore fò n mouri si n gen entansyon al nan syèl Diskou sou lanfè ak paradi deja plen zòrèy nou N ap bouke opine de yo lè n kouche ap gad tèt zòtèy nou (Refren) Si l deja mouri kite l ale Si l deja travèse kite l kontinye [Men se Bondye ki rele l] Pyès kretyen vivan sou latè pa vin pou rete Priye pou li, fèmen sèkèy la, kite l ale [Louvri chimen a pou l ale] Vlope m, mare m, antere m nan vye nat la. Pou sa k pa gen lajan sa se opsyon dènye zèl kat la Gen lòt ki se bèl sèkey dore pou ti sezi vin adore Nan vokabilè Tonton Bicha, “tout mò se malore” Gen moun ki mande mouri akoz de yon moun ki mouri Poutan lanmò pa souri ak sa k pa prè pou peri Mwen menm, jou m ale kolekte de twa bon beat Mete DJ nan lari menm si m pran nan yon mò sibit Taktik, tik tak, chak segond ki leve pye l, gen yon tan kape pase Krak krik, krik krak, pande ke m ap leve pye pa m tou gen lòt k ap trepase Gen moun ke lanmò vin pran nan salon l Gen wondonmon ki fè l mache jouk li kraze talon l Gen moun lanmò pran kou ti vakabon Men gen lòt avèk respè l mete “M” devan non l M pa konn kijan m genyen pou m ale Men an palan de lanmò mwen pa vle mouri san pale Tankou 'on vètè ou anbale, antere m E si li posib pou n wè anwo n a pale (Refren) Si l deja mouri kite l ale Si l deja travèse kite l kontinye [Men se Bondye ki rele l] Pyès kretyen vivan sou latè pa vin pou rete Priye pou li, fèmen sèkèy la, kite l ale [Louvri chimen a pou l ale]

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved