Lyrics
src: ht
(Featuring Mandela - 2012)
(Lyrics By-Mandela Jean François & Roosevelt Saillant)
(Entwo)
Yo just tande melodi a yo mande kiyès ki la
Pòtòprens, Pòdepè BIC, Mandela
(Mandela)
Si w wè mwen pa kriye, konprann mwen se kè m ki sere
Pou jan w leve w ale san w pa di mwen kisa k pase
M pa konn kilè n a rankontre ankò
Devan lanmou pa janm gen rezon ni tò (Oh gosh)
M toujou la bò kote w, m pa janm lage w yon jou
Bon tan kou move tan, m te toujou la pou m di w bonjou cheri
(Refren)
Bagay sa a fè m mal,
m santi l pa nòmal
Tounen vin jwenn mwen
souple cheri
(Mandela)
M sonje lè n te kontre, tout bèl pawòl ki te konn pale
Mwen ak ou nou te jire pou nou pat janmè separe
M te konn rele w manmi, ou te konn rele mwen papi
Men jodi a ou pa menm konsidere m tankou yon zanmi
Ou soti pou kase kè mwen, ou bliye si w se kado mwen
Eske w sonje lè fanmi w zanmi w pat vle ou pou mwen
Malgre sa yo te fè yo di pou mwen pa janm anyen
Jodi a m leve w ale, m espere yon jou ankò n a kontre cheri
(Refren)
Bagay sa a fè m mal,
m santi l pa nòmal
Tounen vin jwenn mwen
souple cheri
Yo just tande melodi a yo mande kiyès ki la
Pòtòprens, Pòdepè BIC, Mandela
(BIC)
Woy sa boule boule, m pat kwè m ta ka dekole
M potre yon karateka ki pran nan yon depyekole
De pye m nan yon gren soulye
Espwa m se sou ou li ye
Antouka, gen yon bagay ke mwen souliye
Viv a de se pa yon bagay ki fasil ditou ditou
Kè yon fanm se yon bagay ki frajil, m aprann sa tou
Si m fè betiz, konprann mwen se lòm
M ap goumen pou m pran metriz, pran fòm kòm
Antretan, m ape mande w pou pa kite m
M ap soufri men se rezilta stipidite m
Oh, sorry cheri, padone m
(Refren)
Bagay sa a fè m mal
[Mwen santi m bouke]
M santi l pa nòmal
[Non mwen pa ka kenbe cheri]
Tounen vin jwenn mwen souple cheri