Creole101 Logo

Discography, top lyrics, and charts

Caribbean-first — built for English, French, Kreyòl, Spanish & Portuguese.

Album cover

Konpliman

Back

Lyrics

src: ht
Konpliman - pa Top Adleman e Wolf Cool MC (Orijinal Rap Staff 1998) (Top Adlerman) Cheri, ou s'on fanm ki gen sèvo Lespri w fèt an ti kawo Pwofèt la pap janm sispann fè w konpliman! Pou kalite w yo. Whatcha kraze m! Eh eh! Mwen ta renmen mande Bondye a kisa ke l t ap panse Lè l t ap kreyew doudou, lè l t ap kreye w Pami tout sa li te kreye ou se youn nan mèvèy ki etone m, doudou K pi etone m Ou gen tout sa m bezwen Lè mwen avè w mwen santi m byen (Gad'on idòl!) Pou mwen ta repwoche w, an verite m pa wè anyen Ou metrize kè mwen avèk lanmou ke ou ban mwen M reyalize san ou m pa anyen! (Ou s'on biblo!) Enh, enh... (Refren, Wolf Cool MC) Konpliman! ti doudou ke m ape fè w Pou kalite konpreyansyon w pwosede eh Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w (Depi w manyen m ou ban m anestezi, cheri) Paske w s'on fanm ki trè rezève Konpliman! ti doudou ke m ape fè w Pou kalite konpreyansyon w pwosede eh Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w (Whatcha kraze m!) Paske w s'on fanm ... eh eh! (Top Adlerman) Oh cheri w nèf, ou sanble 'on Mercedes, Anlè w seksi menm jan ak yon Lexus E ti dada w won menm jan ak yon Tèt Bèf (Toyota) De zye w klere tankou de limyè BM (BMW) Doudou ou fè m fou Pou tèt sa doudou m ap mache nan tout kafou Tankou vyèj Mari m ap priye w twa fwa pa jou Pou m kapab sanble avè w m pral rele tèt mwen "Adou" Whatcha kraze m! (Wolf Cool MC) Konpliman! ti doudou ke m ape fè w (Oh Bondye se yon timoun ou fè ak de men w!) Pou kalite konpreyansyon ou pwosede eh Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w (Timoun nan manyen m li fè tout kò m paralize, wi papa) Paske w s'on fanm ki trè rezeve Konpliman! ti doudou ke m ape fè w (Gad'on ti dan dan l blan tankou yon tonm) Pou kalite konpreyansyon ou pwosede eh (Whatcha kraze m! Ou mèt antere m ladan l) Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w Paske w s'on fanm ... eh eh! (Top Adlerman) Eh eh! Ou g'on bote krital, stereyo dijital Nou fe lanmou amikal e pa w tankou ti brital Le n ap danse yon ti bal m santi m sou yon pedal Devan w mwen se yon kaporal, ou menm ou s'on jeneral Woy! Ou valab! ou valab! Ti doudou, ou sèvyab. Le n ap danse 'on ti bal ou fè m santi m konfòtab Mwen di w valab! ou valab! ti doudou, w admirab! Lè n ap manje sou tab ou fè m santi m konfòtab! (Wolf Cool MC) Konpliman! m di doudou ke m ape fè w (Timoun g'on ti gou fwomaj) Pou kalite konpreyansyon ou pwosede eh Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w (Depi m goute l li voye m dans le nuage) Paske w s'on fanm ki trè rezève Konpliman! ti doudou ke m ape fè w (Li g'on jan l pichkannen m, fò w ta wè! fò w ta wè!) Pou kalite konpreyansyon w pwosede eh (Oh Bondye!) Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w Paske w s'on fanm... (Top Adlerman) Me sing Whatcha kraze m! Kraze m, kraze m, kraze m, kraze m! Mwen santi m rich! Oh, mwen santi m milyonè! Mwen g'on pouvwa Ah, pi plis pase 'on milyadè Mwen santi m rich Oh, mwen santi m milyonè! Mwen g'on pouvwa Ah pi plis pason milyadè De pwofil, ou s'on sen De fas, ou s'on anj Lonje de men w ban mwen M a manje w k'on zoranj Wi! Tout sa w posede, doudou, se bagay salad Lè m pa manje yo cheri mwen santim malad Ti zye leti, ti bouch kreson Ti lang tomat, doudou, se pa w la k pi bon Men de ti machyè w se diri ak djondjon Pwofèt la pap janm sispann ba w konpliman Me sing (Wolf Cool MC) Konpliman! m di doudou ke m ape fè w (Oh Bondye! m pa ka kwè m ap viv non) Pou kalite konpreyansyon ou pwosede eh (M tankou yon moun ki fèt dan lespas!) Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w (Gade 'on fanm) Paske w s'on fanm ki trè rezeve Konpliman! ti doudou ke m ape fè w (Ou pral fè m pale fransè, wi:) Vie de fleur, bonheur, remplie de saveur J'aimerais pas que je... ton amour devienne amère Car ton... souvent, tu me fais oublié la misère Avec ton amour, ton amour rempli de chaleur Mwen santi m rich! Oh, mwen santi m milyonè! Mwen g'on pouvwa Woy! pi plis pase 'on milyadè Mwen santi m rich M pa konn kijan pou m kote lajan, non! Mwen santi m... woy! Pi plis pase 'on milyadè! Ou valab, ou valab, ti doudou w admirab! Lè n ap danse 'on ti bal m santi m sou 'on pedal Mwen di w valab, ou valab, ti doudou w admirab Lè n ap manje sou tab ou fè m santi m konfotab Gade 'on fanm rich! Gade 'on fanm rèd! Wouy! Gade 'on fanm nice! Gade 'on fanm djanm! Me sing, Gade 'on fanm! Wouch, Bondye! Fanm rèd! Gade 'on fanm nice! oh! Gade 'on fanm, Bondye! Mwen santi m rich! ouh! Oh, mwen santi m milyonè! Mwen g'on pouvwa Fò w ta wè kijan m santi m! Mwen santi m rich Woy, mwen santi m milyonè! Mwen g'on pouvwa Mezanmi, m poko mouri, m nan paradi! Mwen santi m rich! oh!

Translation

(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: HT → to: EN
Not saved