Lyrics
Blaze One
Men anperè a (anperè a)
Yeah, trakt sa a se Istwa d Ayiti a
Santo, Pè Rocher
Epi zòtegren
James Chaba, Oh Jeff toutan
Leve n ale
Mesye, mesye
(1ye Kouplè)
Ayiti, wi, aprè Kiba, youn nan pi gran Antiy yo.
M konn anpil ki bafwe listwa, lekòl ban nou manti oh.
Akoz richès natirèl, fètilite w, dousè klima ou,
Enkonparab bote w, fè tout bride w, tout vle kouma ou.
Ayiti w te bèl, e pami tout lòt yo ou te "Pèl",
{"la Perle des Antilles"}
Pou jan w plase, bèl chan kafe, peyizaj ou natirèl
Ou te gen twòp je k te sou ou, Kristòf Kolon {Christophe Colomb} te mennen wè w,
Ewopeyen, espayòl, yo tout ansanm te renmen tè w.
An 1492 abitan tè an se te endyen.
Dè zòm a po kuivre {des hommes à peaux cuivrées}, degize ki pote non endyen.
Endijèn Ayiti yo ki te nome Arawak,
Yo pè lè yo wè karavèl espayòl yo a l atak.
Rapidman, yo panse prizon pou Kawona {Kawonabo, Caonabo}
K al epouze sè Bohekyo {Bohéchio}, kòm rèn Anakawona {Anacaona}.
Ayiti gentan defini 5 Kasika {Cacique, Cacica} ou wayòm.
Chak Kasik {Cacique} te asiste, administrasyon s'on wayòm.
Istwa sa long, se sa k fè s'on brèf rapèl m ap fè.
Pou m antre nan entwodiksyon nèg, se pa 'on mens afè.
An 1503, sou obòne resevwa afriken
Kèlke zane, La Trèt dè Nwa {la Traite des Noirs} pral otorize pa Chal Kent {Charles Quint}.
Tout endyen k t Ayiti fin ekstèmine.
An 1625, vrèman egzistans yo tèmine.
Se depi lontan konfli gouvènè pa lo te entandan
Fè triyonfe ide, divize konfli yo, sepandan,
Avan 1789 òm de koulè yo se te nwa li,
Ki pot non afranchi, malgre fòtin, rete nwa li.
Kòm sitwayen aktif, yo gen tout konsiderasyon.
Paske sitwayen ki pasif yo pa gen konsil de fraksyon
Nan koloni an, se te a jaden talan, domestik
Nèg ki sot nan Ginen {Guinée} k ap travay, kwè m, pou gran mèsi.
Esklav a tèt ba, aprann byen, kolon se mèt li
Misye, yon fwa mawon, menm lè mare chose se trèt li.
Met pwazon nan manje blan an, se te taktif gran esklav.
Menm lè l ka pèdi vi l, li prè pou l mouri gran e brav.
San k vèse k sot anba po, fè Katrin Flon {Catherine Flon} koud drapo.
Lanse 'on lame endijèn, nan mitan nou, g' anpil brav, yo.
Tousen Louvèti {Toussaint Louverture}, lidè k sòti abitasyon d Breda.
E l se premye ouvèti istwa pèp sa a g' on ti deba.
Yo pran l nan pyèj, paske yo konnen Tousen batay ak dan
Malgre yo threat li, li still mouri an fratra Baton.
Anba titèl metwopòl la, li te jere ejemoni n.
Boukmann {Dutty Boukman} fè n wè koulè san nan premye seremoni n.
Revòlt manifeste kounya, se koupe tèt boule kay.
Met dife nan plantasyon yo pou n defèt tout vye tray.
Desalin {Jean Jacques Dessalines} di m ap fè sote tout fransè k penetre nan fò sa.
Batay jisko dènye soupi, lè sa Linyon te Fòs la.
Si boulèt ka sote chapo nan tèt Kapwa Lamò {François Capois La Mort}
Wochanmbo {Donatien-Marie-Joseph de Vimeur, vicomte de Rochambeau} dwe kanpe batay la pou l salye yon blak a lamò.
Malgre genyen ki pa t dakò pèp sa soti sou depandans.
Endijèn genyen batay, ?..mennen n a endepandans.
Istwa sa long, m konnen m pap janm ka fin di tout bagay,
Pan ranpòte konba d Vètyè {Vertières} Desalin te fè tout batay.
(Refren)
Pa gen pi gran, pa gen pi long, pa gen bèl ke istwa sa
[...]
Ayiti cheri,
Yo di ou poko prè pou w peyi
Sa se istwa w sa, istwa w sa
[...]
Ah wi fò m konkli, istwa sa la twòp an.
Pouvwa de pè an fis pa lòt ke Papa Dòk {François Duvalier} lan.
Youn nan rejim diktati k te gen pil alye
Qui dit François, qui dit Jean Claude {Jean Claude Duvalier}, tout moun konnen l se Divalye.
7 fevriye 91 {1991} Aristid {Jean Bertrand Aristide} vini.
Yo egzile l; moun pa t ka chante men l anlè l ap vini.
An 94 {1994} Aristid back again
E pami tout lidè, li te prè pou l kache chenn.
Genyen ki di se antouraj li k fè l pase mal.
Tousuit aprè Ayiti vin konn Rene Gasya Preval {René Garcia Préval}.
14 me 2006, Preval retounen djanngo.
Yo di l se pi gran prezidan, le dernier tango.
Yeah
Translation
(No saved translation for this language. Click Translate.)
src: EN
→ to: EN
Not saved