Creole101 Logo

Sitasyon kreyòl ayisyen

Native Haitian Quotes ✨ Sitasyon kreyòl ayisyen: bèl sitasyon sou lanmou, fanmi, travay, lavi

Discover beautiful Haitian Creole quotes about love, family, work, faith, and everyday life.

Sitasyon Lakay

« Mwen ka pa wè ou osi souvan mwen ta renmen, mwen ka pa kenbe ou tout nuit lan nan bra mwen, men fon nan kè mwen, mwen konnen se ou sèl mwen renmen e mwen pap janm lage w. »

Sitasyon #478 Creole101
🧩 Related quotes

More quotes with similar themes or keywords:

Lanmou se yon foli tanpor&egrave;. Li eklate tankou yon tranblemannt&egrave;, apre sa li apeze. E l&egrave; l dispar&egrave;t, ou bezwen pou w pran yon desizyon. Ou dwe deside si rasin ou yo vin t&egrave;lman antre youn nan l&ograve;t ke l vin enkonsevab pou w ta lese sa tonbe. Paske se sa k lanmou an. Lanmou se pa etoufman, li pa emosyon, ni li pa plede pibliye pwom&egrave;s pasyon et&egrave;n&egrave;l. Sa yo se l&egrave; "moun damou", e nenp&ograve;t moun ka konvenk t&egrave;t yo ke yo damou.<br /> <br /> Lanmou li menm se sa ki rete a l&egrave; "moun damou" an fin brile, sa a se yon bagay ki mande anpil ladr&egrave;s e se yon aksidan pa chans. Moun ki renmen vr&egrave;man yo gen rasin yo ki pouse youn anv&egrave; l&ograve;t anba t&egrave;, e l&egrave; tout b&egrave;l ti fl&egrave; fin tonbe sot nan branch yo, yo konstate ke yo pa de men yo se yon s&egrave;l pyebwa.

Mwen toujou reveye tou souriyan. Mwen panse se fòt ou.

Lè w tonbe m ap leve w. Lè w kontan m ap pataje lajwa w. Lè ou bezwen yon zanmi mwen ap premye moun ki la. M ap toujou renmen w.

Lanmou san matirite di: 'Mwen renmen ou paske mwen bezwen ou.' Lanmou ki gen matirite di 'Mwen bezwen ou paske mwen renmen ou'.

🍊 ou kontan nou te jwenn youn lòt? Ou s’on gwo 🎣

Mwen santi ke tout bagay nan lavi mwen te dirije m vè ou menm. Chwa mwen, chagren mwen, regrè mwen. Tout bagay. Epi lè nou ansanm, lavi mwen sanble vrèman li vo lapenn. Paske si mwen te fè yon bagay yon fason diferan, mwen te ka pa janm rankontre w.

Mwen renmen w plis ke jan m te ❤ w yè men pa plis ke fason m ap ❤ w demen

Si renmen w se te yon travay, mwen t ap kandida ki pi merite, devwe e ki pi kalifye pou li. An reyalite, mwen ta menm vle travay pou ou gratis ti cheri!

Pafwa ou pr&egrave;t pou w koupe souf mwen; tout bagay m m ta vle di, m pa ka jwenn vwa pou m di l. Apre, an silans, s&egrave;l espwa m se pou je m pale pou k&egrave; m.

Mwen pa ka deside si pi bon pati nan jounen an pou mwen se reveye bò kote w, oswa si se dòmi ansanm avè w. Prese vin lakay pou mwen ka konpare yo de a ankò.

Èske nou ka di "mwen kwè nan Bondye" si aksyon nou montre lekontrè?

Tout sa m bezwen se ou menm tou pre m.