Creole101 Logo

Sitasyon kreyòl ayisyen

Native Haitian Quotes ✨ Sitasyon kreyòl ayisyen: bèl sitasyon sou lanmou, fanmi, travay, lavi

Discover beautiful Haitian Creole quotes about love, family, work, faith, and everyday life.

Sitasyon Lakay

« Fè m ri, epi apre sa fè m plenn. »

Sitasyon #418 Creole101
🧩 Related quotes

More quotes with similar themes or keywords:

Lanmou se yon foli tanporè. Li eklate tankou yon tranblemanntè, apre sa li apeze. E lè l disparèt, ou bezwen pou w pran yon desizyon. Ou dwe deside si rasin ou yo vin tèlman antre youn nan lòt ke l vin enkonsevab pou w ta lese sa tonbe. Paske se sa k lanmou an. Lanmou se pa etoufman, li pa emosyon, ni li pa plede pibliye pwomès pasyon etènèl. Sa yo se lè "moun damou", e nenpòt moun ka konvenk tèt yo ke yo damou.

Lanmou li menm se sa ki rete a lè "moun damou" an fin brile, sa a se yon bagay ki mande anpil ladrès e se yon aksidan pa chans. Moun ki renmen vrèman yo gen rasin yo ki pouse youn anvè lòt anba tè, e lè tout bèl ti flè fin tonbe sot nan branch yo, yo konstate ke yo pa de men yo se yon sèl pyebwa.

Eksperyans se pa sa ki rive ou, men se sa ou fè ak sa ki rive w.

Anvan w pale, koute. Anvan w ekri, reflechi.
Anvan w depanse, travay. Anvan w envesti, envestige.
Anvan w kritike, tann. Anvan w priye, padone.
Anvan w bay vag, eseye. Anvan w pran retrèt, ekonomize.
Anvan ou mouri, pataje.

Mwen toujou reveye tou souriyan. Mwen panse se fòt ou.

Yon verite ki di ak move entansyon - bat tout manti ou ka envante.

M jis te vle fè w konnen... renmen w se pi bon bagay ki te janm rive m ?

Pèdi oswa ale aladeriv pa mande refleksyon.

Men, si yo entèprete travay kòm yon pèfòmans definitif nan yon tan espesifik daprè yon règ rijid, donk, mwen dwe yon gwo parese.

Mwen santi ke tout bagay nan lavi mwen te dirije m vè ou menm. Chwa mwen, chagren mwen, regrè mwen. Tout bagay. Epi lè nou ansanm, lavi mwen sanble vrèman li vo lapenn. Paske si mwen te fè yon bagay yon fason diferan, mwen te ka pa janm rankontre w.

Si renmen w se te yon travay, mwen t ap kandida ki pi merite, devwe e ki pi kalifye pou li. An reyalite, mwen ta menm vle travay pou ou gratis ti cheri!

Depi lè m te rankontre w, mwen kriye mwens, mwen ri pi plis epi souri m ogmante, piske m genyen w toupre m, lavi mwen vin yon pi bon kote.

Yon ti flè pa ka fleri san solèy, e lòm pa ka viv san lanmou.