Creole101 Logo

Sitasyon kreyòl ayisyen

Native Haitian Quotes ✨ Sitasyon kreyòl ayisyen: bèl sitasyon sou lanmou, fanmi, travay, lavi

Discover beautiful Haitian Creole quotes about love, family, work, faith, and everyday life.

Sitasyon Lakay

« Si pou tout tan egziste, mwen swete se ou menm li ye… »

Sitasyon #391 Creole101 ✍️ A.R. Asher
🧩 Related quotes

More quotes with similar themes or keywords:

Lanmou se yon foli tanpor&egrave;. Li eklate tankou yon tranblemannt&egrave;, apre sa li apeze. E l&egrave; l dispar&egrave;t, ou bezwen pou w pran yon desizyon. Ou dwe deside si rasin ou yo vin t&egrave;lman antre youn nan l&ograve;t ke l vin enkonsevab pou w ta lese sa tonbe. Paske se sa k lanmou an. Lanmou se pa etoufman, li pa emosyon, ni li pa plede pibliye pwom&egrave;s pasyon et&egrave;n&egrave;l. Sa yo se l&egrave; "moun damou", e nenp&ograve;t moun ka konvenk t&egrave;t yo ke yo damou.<br /> <br /> Lanmou li menm se sa ki rete a l&egrave; "moun damou" an fin brile, sa a se yon bagay ki mande anpil ladr&egrave;s e se yon aksidan pa chans. Moun ki renmen vr&egrave;man yo gen rasin yo ki pouse youn anv&egrave; l&ograve;t anba t&egrave;, e l&egrave; tout b&egrave;l ti fl&egrave; fin tonbe sot nan branch yo, yo konstate ke yo pa de men yo se yon s&egrave;l pyebwa.

Menmsi pye fig frans lan pa ta fleri, Menmsi pye rezen yo pa ta bay rezen, Menmsi pye oliv yo pa ta donnen, Menmsi jaden yo pa ta bay okenn manje, Menmsi pa ta gen mouton ankò nan pak yo, E menmsi pa ta gen bèf nan pak yo... Mwen menm, m ap toujou kontan poutèt Jewova, M ap toujou kontan poutèt Bondye delivrans mwen an. - Abakouk 3:17, 18

Mwen swete pou Bondye ki bay esperans lan ranpli nou ak yon jwa ak yon lapè total poutèt nou kwè nan li, dekwa pou nou ka gen esperans ann abondans avèk pisans lespri sen an.

Kenbe men mwen, kenbe kè mwen, epi kenbe mwen pou tout tan. Mwen renmen ou.

Se dwe anpil responsabilite pou w tèlman ekstraòdinè konsa. Mwen renmen ou, toujou e pou tout tan. Mwen ta ka marye avè ou ankò e ankò.

✍️ Anonim

Ou ka kenbe men mwen pou yon ti tan, men ou kenbe kè mwen pou toutan.

Mwen vle avè w sèlman nan de moman: KOUNYE A ak POU TOUT TAN.

Si kè mwen te yon twal, chak pous li ta pentire ak ou.

✍️ Cassandra Clare

Lenfini se pou tout tan, e se sa ou ye pou mwen; ou se pou tout tan mwen.

✍️ Sandi Lynn

Mwen sanble te renmen ou nan sanba fòm, nan anpil lavi, nan laj apre laj, pou tout tan.

✍️ Rabindranath Tagore

Se gras ak ou mwen kwè nan istwa ki fini byen pou toutan.