Creole101 Logo

Sitasyon kreyòl ayisyen

Native Haitian Quotes ✨ Sitasyon kreyòl ayisyen: bèl sitasyon sou lanmou, fanmi, travay, lavi

Discover beautiful Haitian Creole quotes about love, family, work, faith, and everyday life.

Sitasyon Lakay

« Ou fè kè mwen sote toujou, menm apre tout ane sa yo ansanm. »

Sitasyon #313 Creole101
🧩 Related quotes

More quotes with similar themes or keywords:

Lanmou se yon foli tanporè. Li eklate tankou yon tranblemanntè, apre sa li apeze. E lè l disparèt, ou bezwen pou w pran yon desizyon. Ou dwe deside si rasin ou yo vin tèlman antre youn nan lòt ke l vin enkonsevab pou w ta lese sa tonbe. Paske se sa k lanmou an. Lanmou se pa etoufman, li pa emosyon, ni li pa plede pibliye pwomès pasyon etènèl. Sa yo se lè "moun damou", e nenpòt moun ka konvenk tèt yo ke yo damou.

Lanmou li menm se sa ki rete a lè "moun damou" an fin brile, sa a se yon bagay ki mande anpil ladrès e se yon aksidan pa chans. Moun ki renmen vrèman yo gen rasin yo ki pouse youn anvè lòt anba tè, e lè tout bèl ti flè fin tonbe sot nan branch yo, yo konstate ke yo pa de men yo se yon sèl pyebwa.

Anpil moun jwenn echèk nan lavi a paske yo pa t reyalize ke yo te toupre pou yo jwenn siksè lè yo te deside bay vag la.

Anvan w pale, koute. Anvan w ekri, reflechi.
Anvan w depanse, travay. Anvan w envesti, envestige.
Anvan w kritike, tann. Anvan w priye, padone.
Anvan w bay vag, eseye. Anvan w pran retrèt, ekonomize.
Anvan ou mouri, pataje.

Pou w kapab yon chanpyon, se pou w kwè nan tèt ou menm lè okenn lòt moun pa fè sa.

Mwen santi ke tout bagay nan lavi mwen te dirije m vè ou menm. Chwa mwen, chagren mwen, regrè mwen. Tout bagay. Epi lè nou ansanm, lavi mwen sanble vrèman li vo lapenn. Paske si mwen te fè yon bagay yon fason diferan, mwen te ka pa janm rankontre w.

Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen, se pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a, paske, anrapò ak Seyè a, nou konnen nou pap travay pou granmesi.

Èske fason mwen viv lavi mwen idantifye ke m ap viv ann amoni ak ansèyman Jewova yo oswa èske mond lan antre nan lavi mwen?

Depi lè m te rankontre w, mwen kriye mwens, mwen ri pi plis epi souri m ogmante, piske m genyen w toupre m, lavi mwen vin yon pi bon kote.

Edike timoun yo konsa w pap genyen pou w pini granmoun.

Mete kouraj sou nou e mete kran sou nou. Pinga nou pè yo e pinga nou tranble devan yo paske se Jewova, Bondye nou an, k ap mache avèk nou. Li pap ni kite nou ni abandone nou.”

Rete je klè. Kenbe fèm nan lafwa. Mete gason sou nou. Vin djanm. Tout sa n ap fè, se pou nou fè l ak lanmou.

Ou fè kè m fonn! ?