Creole101 Logo

Sitasyon kreyòl ayisyen

Native Haitian Quotes ✨ Sitasyon kreyòl ayisyen: bèl sitasyon sou lanmou, fanmi, travay, lavi

Discover beautiful Haitian Creole quotes about love, family, work, faith, and everyday life.

Sitasyon Lakay

« Je ou yo tèlman bèl. Mwen renmen fason souri ou fè jounen mwen klere. Lè mwen wè ou, mwen santi papiyon nan vant mwen. »

Sitasyon #295 Creole101 ✍️ Anonim
🧩 Related quotes

More quotes with similar themes or keywords:

Lè w tonbe m ap leve w. Lè w kontan m ap pataje lajwa w. Lè ou bezwen yon zanmi mwen ap premye moun ki la. M ap toujou renmen w.

Nenpòt moun ka fache - sa byen fasil. Men pou yon moun fache sou bon moun nan, nan bon degre a, nan bon moman an, nan bonjan objektif la, epi fè sa kòmsadwa - sa a pa fasil ditou.

Mwen santi ke tout bagay nan lavi mwen te dirije m vè ou menm. Chwa mwen, chagren mwen, regrè mwen. Tout bagay. Epi lè nou ansanm, lavi mwen sanble vrèman li vo lapenn. Paske si mwen te fè yon bagay yon fason diferan, mwen te ka pa janm rankontre w.

Èske fason mwen viv lavi mwen idantifye ke m ap viv ann amoni ak ansèyman Jewova yo oswa èske mond lan antre nan lavi mwen?

Mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.

Pa gen moun ki pi malere ke yon moun ki pa janm nan pwoblèm; pi gwo afliksyon nan lavi se lè w pa janm aflije.

Lè w ap rankontre eprèv sonje... Jewova pa t retire lanmè wouj la, men li te fè yon chemen ladan l pou pèp Izrayèl la travèse l.

Ou 🔄 lavi m tèt ⬆⬇

Mete kouraj sou nou e mete kran sou nou. Pinga nou pè yo e pinga nou tranble devan yo paske se Jewova, Bondye nou an, k ap mache avèk nou. Li pap ni kite nou ni abandone nou.”

Lè yon senp zanmi vin lakay ou, li aji tankou yon envite. ~ Lè yon bon zanmi vin lakay ou, li ouvè refrijeratè pou l sèvi tèt li.

Ou di: "Li pa vo lapenn." Jewova di: "Sa ap vrèman vo lapenn." Women 8:28

Lage tout tètchaje* nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.