Creole101 Logo

Sitasyon kreyòl ayisyen

Native Haitian Quotes ✨ Sitasyon kreyòl ayisyen: bèl sitasyon sou lanmou, fanmi, travay, lavi

Discover beautiful Haitian Creole quotes about love, family, work, faith, and everyday life.

Sitasyon Lakay

« Anpil nan bagay ou ka konte, pa vrèman enpòtan. Anpil nan bagay ou pa ka konte, reyèlman enpòtan! »

Sitasyon #247 Creole101
🧩 Related quotes

More quotes with similar themes or keywords:

Lanmou se yon foli tanpor&egrave;. Li eklate tankou yon tranblemannt&egrave;, apre sa li apeze. E l&egrave; l dispar&egrave;t, ou bezwen pou w pran yon desizyon. Ou dwe deside si rasin ou yo vin t&egrave;lman antre youn nan l&ograve;t ke l vin enkonsevab pou w ta lese sa tonbe. Paske se sa k lanmou an. Lanmou se pa etoufman, li pa emosyon, ni li pa plede pibliye pwom&egrave;s pasyon et&egrave;n&egrave;l. Sa yo se l&egrave; "moun damou", e nenp&ograve;t moun ka konvenk t&egrave;t yo ke yo damou.<br /> <br /> Lanmou li menm se sa ki rete a l&egrave; "moun damou" an fin brile, sa a se yon bagay ki mande anpil ladr&egrave;s e se yon aksidan pa chans. Moun ki renmen vr&egrave;man yo gen rasin yo ki pouse youn anv&egrave; l&ograve;t anba t&egrave;, e l&egrave; tout b&egrave;l ti fl&egrave; fin tonbe sot nan branch yo, yo konstate ke yo pa de men yo se yon s&egrave;l pyebwa.

Ou kapab akonpli tout bagay nan lavi a si w gen kouraj pou w reve, ent&egrave;lijans pou w f&egrave; yon pwoj&egrave; reyalis e volonte pou w w&egrave; pwoj&egrave; sa a akonpli.

Bon&egrave; a se rekon&egrave;t ke bagay negatif yo egziste, men se pou w pa deside ouv&egrave; p&ograve;t pou yo.

M jis te vle fè w konnen... renmen w se pi bon bagay ki te janm rive m ?

Mwen santi ke tout bagay nan lavi mwen te dirije m vè ou menm. Chwa mwen, chagren mwen, regrè mwen. Tout bagay. Epi lè nou ansanm, lavi mwen sanble vrèman li vo lapenn. Paske si mwen te fè yon bagay yon fason diferan, mwen te ka pa janm rankontre w.

Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen, se pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a, paske, anrapò ak Seyè a, nou konnen nou pap travay pou granmesi.

Pafwa ou pr&egrave;t pou w koupe souf mwen; tout bagay m m ta vle di, m pa ka jwenn vwa pou m di l. Apre, an silans, s&egrave;l espwa m se pou je m pale pou k&egrave; m.

Mwen konnen ke ou ka twò okipe jodi a ⏰, men tanpri ajoute m nan lis bagay ou gen pou w fè yo tou ✔

Si mwen ta ka ba ou yon sèl bagay nan lavi, mwen ta ba ou kapasite pou wè tèt ou nan je m, se sèlman lè sa a ou ta ka reyalize ki jan w spesyal pou mwen.

Fè Jewova konfyans ak tout kè w, E pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, E l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.

Nan renmen, tout bagay te gentan fini depi jou youn nan amoure yo panse ke posibilite pou yon kraze kite sa egziste