Creole101 Logo

Haitian Creole Quotes

quotes_lakay ✨ Sitasyon kreyòl ayisyen: bèl sitasyon sou lanmou, fanmi, travay, lavi

quote_intro

Sitasyon Lakay

« Bondye, selon pisans li k ap aji nan nou, ka vrèman fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine. »

Haitian Creole Quotes Quote #224 Creole101
🧩 quotes_related

quote_related_intro

Èske nou ka di "mwen kwè nan Bondye" si aksyon nou montre lekontrè?

Mete kouraj sou nou e mete kran sou nou. Pinga nou pè yo e pinga nou tranble devan yo paske se Jewova, Bondye nou an, k ap mache avèk nou. Li pap ni kite nou ni abandone nou.”

Menmsi pye fig frans lan pa ta fleri, Menmsi pye rezen yo pa ta bay rezen, Menmsi pye oliv yo pa ta donnen, Menmsi jaden yo pa ta bay okenn manje, Menmsi pa ta gen mouton ankò nan pak yo, E menmsi pa ta gen bèf nan pak yo... Mwen menm, m ap toujou kontan poutèt Jewova, M ap toujou kontan poutèt Bondye delivrans mwen an. - Abakouk 3:17, 18

Mwen swete pou Bondye ki bay esperans lan ranpli nou ak yon jwa ak yon lapè total poutèt nou kwè nan li, dekwa pou nou ka gen esperans ann abondans avèk pisans lespri sen an.

Paske, mwen gen konviksyon ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni gouvènman, ni bagay ki la kounye a, ni bagay ki gen pou vini, ni pisans, ni bagay ki wo, ni bagay ki ba, ni okenn lòt kreyasyon pap kapab separe nou ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi, Seyè nou an.

Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.

Li Labib, Pawòl Bondye a, chak jou!

“Pou lèzòm, sa enposib, men pou Bondye, tout bagay posib.”

“Pou lèzòm, sa enposib, men sa pa enposib pou Bondye, paske tout bagay posib pou Bondye.”

Si Bondye pou nou, kiyès ki ka kanpe anfas nou?

Si se sa Bondye vle nan men mwen, donk se sa m ap chwazi fè.