Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Avèk bon abitid, tout bagay posib.
Pa kite yon travay ki sanble akablan fè w pè twòp. Yon pa alafwa.
Pou eksplike l dega yon moun ki pale anpil ka komèt li ka beni li ka modi.
Yon moun ki deside mete lòd lakay olye pitit li yo ta fè la sosyete plezi.
Ou dwe mache dwat si ou vle wè demen. Viv onètman e avèk prekosyon.
Sa esplike ke yon moun dwe preparel gen kèk le li difisil pou w devlope jan ou ta vle.
Mò kite dèt pou vivan.
Lè yon moun konnen l anfòm li posib pou l jwenn yon moun ki pi fò pase l.
Avan chak desizyon w ap pran fòk ou gade kisa k ap vini dèyèl.
Lè yon moun fè yon bagay pou moun ka apresye l sa pa dire lontan.
Sa se pou moun ki kwè nan mirak kèk fwa kotew konnen bagay la ye se pa lal ye vreman se yon lòt kote yo meprize.