Lè w pa gen gran mwayen ou pa nan fè grandizè ou viv selon meziw genyen.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se nan yon chemen etwat ou bare yon chwal mechan/anmèdan. Se yon vòlè ki bare yon vòlè .
Fè komisyon pou yon lòt moun se pa yon chay/responsablite.
Moun ki vle rete an sante diminye apeti yo.
Kèlkeswa defo papa ak manman se defo pitit la osinon sa papa ak manman konn fè se sa pitit la fè tou.
Lè w gen yon moun pa w gen yon bagay ki rivel sa dwe fè w mal anpil.
Ou pa ka pèdi sa ou pa genyen.
Yon moun ki gen gwo pouvwa sal fè pa gen moun ki ka kontraryel.
Yon moun ki kwè timoun ka vin soutni si tout lè li vye granmoun.
Se nan dans ou ka di kilès ki bon dansè .